paske Mwen pa t konn rete nan yon kay depi jou ke M te mennen Israël monte a, jis rive jodi a; men Mwen te ale soti de tant a tant e soti yon kote pou rete jis rive a yon lòt.
Sòm 11:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen SENYÈ a nan sen tanp Li an. SENYÈ a sou twon Li nan syèl la. Zye Li veye. Pòpyè zye Li sonde fis a lòm yo. 1998 Haïtienne Senyè a nan kay ki apa pou li a, li gen fòtèy li nan syèl la. L'ap gade lèzòm: li konnen sa y'ap fè. |
paske Mwen pa t konn rete nan yon kay depi jou ke M te mennen Israël monte a, jis rive jodi a; men Mwen te ale soti de tant a tant e soti yon kote pou rete jis rive a yon lòt.
Paske zye a SENYÈ mache toupatou sou latè pou Li kapab bay soutyen ki fò a sila ki gen kè dedye a Li nèt yo. Nou te aji an foli nan afè sa a. Anverite, depi koulye a, nou va toujou gen gè.”
SENYÈ a te gade anba soti nan syèl la sou fis a lòm yo pou wè si genyen ki konprann, k ap chache Bondye.
Nan gwo twoub mwen, mwen te rele SENYÈ a, e te kriye a Bondye pou sekou. Depi nan tanp li an, li te tande vwa m. Kri mwen pou sekou devan L te rive nan zòrèy Li.
pèp ke Li te chwazi pou pwòp eritaj Li a. SENYÈ a gade depi nan syèl la. Li wè tout fis a lòm yo.
Li renye ak pwisans pou tout tan. Zye Li veye sou nasyon yo. Pa kite rebèl yo egzalte kont Li.
Konsa pale SENYÈ a: “Syèl la se twòn Mwen e tè a se machpye M. Alò, ki kote ou ta kab bati yon kay pou Mwen? Epi ki kote pou M ta ka repoze?
“Mwen, SENYÈ a, Mwen sonde kè; Mwen pase panse a leprèv, pou M ka menm bay a chak moun selon chemen pa li, selon fwi a zèv li yo.”
Èske yon nonm ka kache kò l yon kote kachèt pou M pa wè l?” deklare SENYÈ a? “Èske Mwen pa ranpli syèl yo ak tè a?” deklare SENYÈ a?”
Tande, O pèp yo, nou tout! Koute, O latè a, ak tout sa ki ladann. Kite SENYÈ Bondye a vin temwen kont nou; SENYÈ a, depi nan tanp sen Li an.
Se pou nou fè silans, tout chè, devan SENYÈ a; paske Li gen tan leve nan abitasyon sen Li an.”
Epi sila ki sèmante sou tanp lan, sèmante non sèlman sou tanp lan, men osi sou Sila ki rete ladann nan.
‘Syèl la se twòn Mwen, E tè a se ban pou pye Mwen. Ki kalite kay ou kapab fè pou Mwen?’ ‘Oubyen ki plas ki gen pou repo Mwen?
Li va opoze e egzalte tèt li pi wo pase tout kalite bagay yo rele Dye oubyen tout sa ki adore, pou li kapab pran plas li nan tanp Bondye a, e prezante tèt li kòm Bondye.
Nanpwen kreyati ki kache devan zye Li, men tout bagay ouvri nèt e parèt toutouni devan zye a Sila ke nou oblije ran kont.
La menm, mwen te nan Lespri a. Epi gade byen, yon twòn te kanpe nan syèl la, e yon moun te chita sou twòn nan.