Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 139:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Sonde mwen, O Bondye e konnen kè mwen. Mete mwen a leprèv e konnen panse mwen yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Sonde m, Bondye! Wè tou sa ki nan kè m! Fouye m! Wè tou sa ki nan lide m!

Gade chapit la Kopi




Sòm 139:23
13 Referans Kwoze  

(kite Li peze mwen nan yon balans ki jis e kite Bondye konnen entegrite m).


SENYÈ a nan sen tanp Li an. SENYÈ a sou twon Li nan syèl la. Zye Li veye. Pòpyè zye Li sonde fis a lòm yo.


SENYÈ a sonde sila ki jis yo avèk sila ki mechan yo; men sila ki renmen vyolans, Li rayi nan kè L.


O SENYÈ, Ou te sonde mwen e te konnen mwen.


Ou te teste kè m. Ou te vizite mwen pandan lannwit. Ou te sonde mwen e Ou pa t jwenn anyen. Mwen te fè desizyon eksprè pou bouch mwen pa fè tò.


Chache anndan m, O SENYÈ, e pase mwen a leprèv. Sonde panse mwen avèk kè m.


Po rafine se pou ajan, e founo se pou lò; men SENYÈ a ap sonde tout kè.


Men O SENYÈ dèzame yo, ki fè jijman ki dwat yo, ki sonde santiman ak kè yo, kite mwen wè vanjans Ou sou yo; paske se Ou menm, mwen te fè konnen koz mwen an.


“Konsa, Mwen va mennen fè pase twazyèm pati a nan dife. Mwen va rafine yo tankou yo rafine ajan, e pase yo a leprèv tankou lò. Yo va rele non Mwen, e Mwen va tande yo. Mwen va di: ‘Yo se pèp Mwen’, e yo va di: ‘SENYÈ a, se Bondye mwen an.’”


Nan dezè a, Li te bannou lamàn ke zansèt nou yo pa t konnen, pou Li te kapab fè nou vin enb, e pou Li te kapab fè nou pase a leprèv, pouke alafen, sa te kab ale byen pou nou.


“Nou va sonje tout jan ke SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou nan dezè a pandan karantan sila yo, pou Li te kapab fè nou vin enb e pase nou a leprèv, pou konnen kisa ki te nan kè nou, pou wè si nou pa tap kenbe kòmandman Li yo.


pou prèv lafwa nou an, ki pi presye ke lò, ki malgre eprèv dife a toujou rete perisab, pou nou kapab twouve kòm rezilta, lwanj, laglwa ak lonè a revelasyon Jésus Kri a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite