24 Konsa, wè si gen okenn move chemen nan mwen e mennen mwen nan chemen etènèl la.
24 Gade wè si m sou yon move chemen. Mennen m sou chemen ki la pou tout tan an.
A la beni se sila ak chemen ki san fot yo, ki mache nan lalwa SENYÈ a.
Mwen va kouri nan vwa kòmandman Ou yo, paske Ou va fè kè m vin grandi. HE
Enstwi mwen pou fè volonte Ou, paske se Ou menm ki Bondye mwen. Lespri Ou bon. Kondwi mwen sou tèren ladwati a.
Kite mwen tande lanmou dous Ou a nan granmmaten, paske mwen mete konfyans mwen nan Ou. Enstwi mwen nan chemen ke m ta dwe mache a, paske se a Ou ke mwen leve nanm mwen.
Ou va fè m rekonèt chemen lavi a. Nan prezans Ou, se lajwa ki an abondans nèt. Nan men dwat Ou, se plezi ki dire jis pou tout tan.
Ou te teste kè m. Ou te vizite mwen pandan lannwit. Ou te sonde mwen e Ou pa t jwenn anyen. Mwen te fè desizyon eksprè pou bouch mwen pa fè tò.
Enstwi mwen nan chemen Ou, O SENYÈ. Mennen m nan yon wout ki a nivo, akoz lènmi mwen yo.
O SENYÈ, mennen m nan ladwati Ou akoz lènmi mwen yo. Fè chemen Ou dwat devan mwen.
Chemen mechan an abominab a SENYÈ a; men Li renmen sila ki chache ladwati a.
Sila ki mete konfyans nan pwòp kè li a se yon moun fou; men sila ki mache ak sajès la va delivre.
Paske pòt etwat la, e chemen piti ki mennen a lavi a. Ni pa gen anpil moun k ap twouve l.
Jésus te di li: “Mwen se chemen, verite ak lavi a. Pèsòn p ap vini nan Papa a, sof ke pa Mwen.
Konsa, menm jan nou te resevwa Kris Jésus Senyè a, se konsa pou nou mache nan Li.