Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 44:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 èske Bondye pa ta dekouvri sa a? Paske Li konnen tout sekrè a kè yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 (22) eske Bondye pa ta konn sa, li menm ki konn sekrè ki nan kè tout moun?

Gade chapit la Kopi




Sòm 44:21
12 Referans Kwoze  

alò, kisa mwen ta kab fè lè Bondye leve? Konsa, lè L rele m pou jijman, ki repons mwen ta kab bay Li?


Èske Li pa wè chemen mwen yo e kontwole tout pa mwen yo?


Paske Bondye va pote tout zèv nan jijman; tout sa ki kache, kit li bon kit li mal.


“Mwen, SENYÈ a, Mwen sonde kè; Mwen pase panse a leprèv, pou M ka menm bay a chak moun selon chemen pa li, selon fwi a zèv li yo.”


Èske yon nonm ka kache kò l yon kote kachèt pou M pa wè l?” deklare SENYÈ a? “Èske Mwen pa ranpli syèl yo ak tè a?” deklare SENYÈ a?”


Nan jou sa a selon levanjil mwen an, Bondye ap jije tout sekrè a lèzòm selon Jésus Kri.


Pou sa pa kontinye jije avan lè, men tann jiskaske Senyè a vini pou Li kapab nan menm tan eklere nan limyè bagay ki kache nan tenèb yo, e devwale tout motif ki nan kè lèzòm. Konsa, lwanj chak moun resevwa va sòti nan Bondye.


Konsa, Mwen va touye pitit li yo avèk gwo maladi lapès, e tout legliz yo va konnen ke Mwen menm se Sila ki sonde panse ak kè yo. Mwen va bay nou chak selon zèv nou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite