Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 2:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Sila ki chita nan syèl la ri; SENYÈ a ap moke yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Senyè a rete chita nan syèl la, l'ap ri. L'ap pase yo nan jwèt.

Gade chapit la Kopi




Sòm 2:4
13 Referans Kwoze  

SENYÈ a ri sou li, paske Li wè ke jou li a ap rive.


Men Ou menm, O SENYÈ, ri sou yo! Ou menm, giyonnen tout nasyon sa yo.


Se Li menm ki chita anwo wonn tè a ki veye nou ki rete ladann tankou krikèt volan; ki lonje ouvri syèl yo tankou yon rido e fè yo deplwaye tankou yon tant pou moun viv ladann.


konsa, mwen menm anplis, va ri sou malè nou yo. Mwen va moke nou lè gran laperèz la rive,


SENYÈ a nan sen tanp Li an. SENYÈ a sou twon Li nan syèl la. Zye Li veye. Pòpyè zye Li sonde fis a lòm yo.


Paske se konsa Sila ki wo e egzalte, Sila ki viv jis pou tout tan an, non a Li se Sila ki Sen an, pale: “Mwen rete nan kote ki wo e ki sen, anplis ak li menm ki gen kè ki pi e ki enb, pou fè leve lespri a enb yo, e fè leve kè a sila a ki plen regrè pou peche.


Men Bondye nou an nan syèl yo. Li fè sa Li pito.


La, yo te nan gwo laperèz kote pa te gen laperèz, paske Bondye te gaye zo a sila ki fè kan kont ou yo. Ou te fè yo vin wont, akoz Bondye te rejte yo.


Konsa pale SENYÈ a: “Syèl la se twòn Mwen e tè a se machpye M. Alò, ki kote ou ta kab bati yon kay pou Mwen? Epi ki kote pou M ta ka repoze?


A Sila ki vwayaje monte sou pi wo syèl la, ki la depi nan tan ansyen yo. Gade byen, Li pale ak gwo vwa, yon vwa plen pwisans.


Sa se pawòl ke SENYÈ a te pale kont li an: “Li te meprize ou e moke ou, Fi vyèj a Sion an. Li te souke tèt li dèyè do ou, Fi a Jérusalem nan!


O Fòs mwen, m ap veye tann Ou. Bondye se sitadèl mwen.


A Ou menm, mwen leve zye mwen, O Ou menm ki chita sou twòn Ou nan syèl la!


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite