Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 113 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Louwe SENYÈ a! Louwe, O sèvitè a SENYÈ yo, Louwe non SENYÈ a.

2 Beni se non SENYÈ a, soti nan tan sa a e jis pou tout tan.

3 Depi solèy leve jiskaske li kouche, non SENYÈ a dwe louwe.

4 SENYÈ a wo, anwo tout nasyon yo! Glwa Li pi wo syèl yo!

5 Se kilès ki tankou SENYÈ a, Bondye nou an, Ki sou twòn Li anwo a,

6 ki abese tèt Li pou gade tout bagay ki nan syèl yo ak sou latè yo?

7 Li fè malere a leve sòti nan pousyè a e leve endijan an sòti nan pil sann nan,

8 pou fè yo chita avèk prens yo. Menm avèk prens a pèp Li yo.

9 Li fè fanm steril la vin rete nan kay kon yon manman pitit ak kè kontan. Louwe SENYÈ a!

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite