Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 18:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Nan gwo twoub mwen, mwen te rele SENYÈ a, e te kriye a Bondye pou sekou. Depi nan tanp li an, li te tande vwa m. Kri mwen pou sekou devan L te rive nan zòrèy Li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 (7) Nan mizè mwen te ye a, mwen rele nan pye Senyè a. Mwen mande Bondye m lan sekou. Kote l chita lakay li a, li tande vwa mwen, rèl mwen rive jouk nan zòrèy li.

Gade chapit la Kopi




Sòm 18:6
17 Referans Kwoze  

Rele Mwen nan jou twoub la. Mwen va delivre ou e ou va onore M.”


Nan gran twoub mwen, mwen te rele SENYÈ a. Wi, mwen te rele a Bondye mwen an. Soti nan tanp Li an, Li te tande vwa m. Kri sekou mwen te anndan zòrèy Li.


Zye a SENYÈ a sou sila ki dwat yo. Zòrèy Li koute kri yo.


Nan gran twoub mwen an, mwen te kriye a SENYÈ a. Li te reponn mwen.


Yo te kenbe Pierre nan prizon an, men legliz Bondye a t ap priye fò pou li.


Epi prèt Levit yo te leve pou te beni pèp la. Vwa yo te tande, e lapriyè yo te rive nan lye sen Li an, menm nan syèl la.


Alò li te vin rive nan jou sa yo ke wa Égypte la te mouri. Epi fis Israël yo t ap fè gwo souf e t ap kriye akoz esklavaj la. Alò, kri pa yo akoz esklavaj sila a, te leve rive jwenn Bondye.


Men SENYÈ a la nan sen tanp Li. Ke tout tè a fè silans devan Li.”


SENYÈ a nan sen tanp Li an. SENYÈ a sou twon Li nan syèl la. Zye Li veye. Pòpyè zye Li sonde fis a lòm yo.


Men pou mwen, pa gran lanmou dous Ou a mwen va antre lakay Ou. Nan tanp sen Ou an mwen va pwostène mwen nèt an adorasyon.


Epi tanp Bondye ki nan syèl la te vin louvri e lach akò Li a te parèt nan tanp Li a. Konsa, te gen kout eklè, bri, gwo kout tonnè, yon tranbleman detè, ak gwo tanpèt lagrèl.


Li t ap di: “Abba! Papa! Tout bagay posib pou Ou; retire tas sa a sou Mwen. Malgre pa kon Mwen vle a, men kon Ou vle a.”


Laperèz avèk tranbleman fin rive sou mwen. Mwen etone jiskaske m debòde.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite