Sòm 14 - Bib Sen An: Kreyòl AyisyenPou direktè koral la; yon sòm David 1 Moun fou a di nan kè l: “Nanpwen Bondye.” Yo konwonpi. Yo te fè zak abominab. Nanpwen ki fè sa ki bon. 2 SENYÈ a te gade anba soti nan syèl la sou fis a lòm yo pou wè si genyen ki konprann, k ap chache Bondye. 3 Yo tout te vire akote. Ansanm yo te vin konwonpi. Nanpwen ki fè sa ki bon, pa menm youn. 4 Èske tout malfektè inikite yo pa konnen, sila Ki manje pèp mwen yo tankou y ap manje pen an, san yo pa rele SENYÈ a? 5 La, yo nan gwo danje, paske Bondye rete avèk jenerasyon ki dwat la. 6 Nou meprize bezwen aflije a, men SENYÈ a se refij li. 7 O ke sali Israël la ta sòti nan Sion! Lè SENYÈ a restore pèp kaptif li a, Jacob va rejwi, e Israël va gen kè kontan. |
Copyright © 2017-2023 Ron Smith
eBible.org