Salomon te di: “Si li se yon moun onèt, nanpwen menm youn nan cheve li k ap tonbe atè, men si se mechanste ki twouve nan li, li va mouri.”
Pwovèb 13:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Ladwati se yon pwotèj pou sila ki san fot la; men mechanste fè pechè a vin souye nèt. 1998 Haïtienne Lè ou toujou fè sa ki byen, lajistis ap pwoteje ou. Men, peche lakòz mechan yo disparèt. |
Salomon te di: “Si li se yon moun onèt, nanpwen menm youn nan cheve li k ap tonbe atè, men si se mechanste ki twouve nan li, li va mouri.”
Evenman sa a te devni peche lakay Jéroboam, jis menm pou ta detwi kay li e fè l disparèt sou fas tè a.
Paske li te fè sakrifis a lòt dye Damas yo ki te bat li yo. Li te di: “Akoz dye a wa Syrie yo te ede yo, mwen va fè sakrifis de yo pou yo kab ede mwen.” Men yo te koze chit li avèk tout Israël.
Sila ki bay kout lang yo pap vin etabli sou latè. Mal la va kouri vit dèyè moun vyolans lan.
Sila ki mache nan entegrite a e ki fè zèv ladwati yo; li ki pale verite a nan kè li a;
Fè m jistis, O SENYÈ, paske mwen te mache nan entegrite mwen. Mwen te mete konfyans mwen nan SENYÈ a san varye.
Chemen Bondye a se yon sitadèl pou moun dwat yo; men destriksyon nèt pou tout ouvriye inikite yo.
Sila ki pèvès nan kè yo abominab a SENYÈ a; men sila ki san tò nan chemen yo, se plezi Li.
Entegrite a moun dwat la va gide yo; men koripsyon a sila ki fè konplo a va detwi yo.