Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Pwovèb 11:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Sila ki pèvès nan kè yo abominab a SENYÈ a; men sila ki san tò nan chemen yo, se plezi Li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

20 Senyè a pa vle wè moun k'ap mache pye gaye. Men, li pran plezi l ak moun k'ap mache dwat nan chemen yo.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 11:20
20 Referans Kwoze  

A la beni se sila ak chemen ki san fot yo, ki mache nan lalwa SENYÈ a.


Mwen konnen tou, O Bondye mwen an, ke Ou fè sonde tout kè, e pran plezi nan ladwati. Pou mwen menm, ak yon kè entèg, mwen te ofri avèk bòn volonte tout sila yo. Epi koulye a, avèk jwa, mwen gen tan wè pèp Ou a, ki prezan isit la, pou fè sakrifis ak bòn volonte a Ou menm.


Moun mechan an afiche yon figi brav; men pou moun ladwati a, chemen li an sèten.


ki avèk pèvèsite nan kè l fè tout tan sa ki mal, ki gaye konfli.


Gran chemen a moun dwat la se pou kite mal; sila ki veye chemen li an prezève lavi li.


Sakrifis a mechan an abominab a SENYÈ a; men lapriyè moun dwat yo se gwo plezi Li.


Ladwati se yon pwotèj pou sila ki san fot la; men mechanste fè pechè a vin souye nèt.


Lèv ki manti a abominab a SENYÈ a; men sila ki aji nan fidelite, se plezi Li.


Sila ki korije yon mokè resevwa dezonè pou pwòp tèt li, e sila ki repwoche yon nonm mechan va resevwa ofans sou tèt li.


Lakrent SENYÈ a se pou rayi mal, ansanm ak ògèy, awogans, ak yon bouch pevès.


Anverite, moun dwat yo va bay remèsiman a non Ou. Epi moun dwat yo va abite nan prezans Ou.


Men vwala, Ou vle verite a menm nan pati anndan m nèt. Nan pati kache anndan m, Ou va fè m konnen sajès.


Paske Bondye dwat. Li renmen ladwati. Sila ki kanpe dwat yo va wè figi Li.


Yon kè ki pèvès va oblije kite prezans mwen. Mwen p ap aksepte konnen okenn mal.


Moun pèvès se yon abominasyon a SENYÈ a; men SENYÈ a vin toupre a sila yo ki dwat yo.


Anverite, moun mechan an p ap chape anba pinisyon; men desandan a moun dwat yo va delivre.


Moun ensanse kontwole peche kon jwèt; men pami moun dwat yo, gen bòn volonte.


Plan mechan yo abominab a SENYÈ a; men pawòl agreyab yo san tach.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite