Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 140 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Pou direktè koral la; Yon Sòm David

1 Delivre m, O SENYÈ, de moun mechan yo. Delivre m de moun vyolan yo:

2 ka p fè manèv mechan nan kè yo. Tout tan, y ap fè pwovokasyon pou fè lagè.

3 Yo file lang yo tankou koulèv. Pwazon a sèpan mòtèl la anba lèv yo. Tan

4 Kenbe m, O SENYÈ, de men moun mechan yo. Pwoteje m de moun vyolan ki te fè plan pou pye m yo ta tonbe yo.

5 Ògeye yo fin ranje yon pèlen pou mwen. Avèk kòd, yo te ouvri yon pèlen bò wout la. Yo fin plase yon pyèj pou mwen. Tan

6 Mwen te di a SENYÈ a: “Se Ou ki Bondye mwen.” Bay zòrèy, O SENYÈ, a vwa a siplikasyon mwen yo.

7 O BONDYE Senyè a, fòs a sali mwen an, Ou te kouvri tèt mwen nan jou batay la.

8 Pa akonpli, O SENYÈ, dezi a mechan an. Pa pèmèt manèv mechan li yo, pou l pa vin leve wo. Tan

9 Epi pou chèf an tèt a sila ki antoure mwen yo, pou malveyans a pwòp lèv yo kapab vin kouvri yo.

10 Kite chabon tou limen vin tonbe sou yo. Kite yo jete nan dife, nan fòs fon kote yo p ap kab leve sòti.

11 Sila ki bay kout lang yo pap vin etabli sou latè. Mal la va kouri vit dèyè moun vyolans lan.

12 Mwen konnen ke SENYÈ a va bay soutyen a aflije yo, e fè jistis pou malere a.

13 Anverite, moun dwat yo va bay remèsiman a non Ou. Epi moun dwat yo va abite nan prezans Ou.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite