Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 13:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Genyen moun ki pretann yo rich, men yo pa gen anyen; yon lòt pretann li malere men li gen gwo richès.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Gen moun ki pa gen anyen men ki pran pòz moun rich yo. Gen moun ki pran pòz moun pòv yo, epi se yo ki gen fòtin.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 13:7
17 Referans Kwoze  

Gen yon moun ki separe bay; malgre sa li vin ogmante plis. Genyen ki refize bay sa ke li dwe, e sa fè l vin manke.


Meyè se sila ki enkoni a, men gen sèvitè, pase sila ki onore pwòp tèt li e manke pen an.


Richès ki sòti nan manti koule ale; men sila ki rasanble ak men li, fè l grandi.


Ranson pou lavi a yon nonm rich se richès li; men malere a pa tande menas.


“Men Bondye te di l: ‘Alò nonm ensanse! Menm nwit sa a, nanm ou ap rachte de ou; e koulye a, kilès k ap mèt a sa ou prepare yo?’


“Konsa se mesye la ki ranmase trezò li pou li menm, men ki pa rich anvè Bondye.”


“Vann sa nou posede, e bay kado lacharite. Fè pou kont nou bous ki p ap janm ize, yon trezò ki p ap kab gate nan syèl la, kote vòlè pa pwoche, ni papiyon detwi.


Nou deja ranpli! Nou deja vin rich! Nou deja vin wa san èd nou menm! E anverite, mwen ta kontan si nou te deja wa pou nou menm ta kapab renye ansanm avèk nou.


Men nou gen trezò sa a nan po ki fèt avèk tè ajil, pou grandè a pouvwa ki depase tout bagay la, kapab sòti nan Bondye e pa nan nou menm.


kòm plen ak tristès men toujou ap rejwi, kòm pòv, men ap fè anpil moun rich, kòm yon moun ki pa genyen anyen men ki posede tout bagay.


Koute, frè byeneme m yo, èske Bondye pa t chwazi pòv a mond sa a pou vin rich nan lafwa, e eritye a wayòm ke Li te pwomèt a sila ki renmen Li yo?


k ap pwomèt yo libète, pandan yo menm se esklav a koripsyon; paske sa ki domine yon moun, fè l vin esklav.


Mwen konnen tribilasyon ak povrete nou (men nou rich); epi blasfèm pa sila ki di yo se Jwif men ki pa sa yo, men ki se yon sinagòg pou Satan.


Paske nou di: “Mwen rich! Mwen gen tan ranmase yon fòtin, e mwen pa bezwen anyen”; men nou pa konnen ke nou se malere, mizerab, pòv, avèg, e toutouni.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite