Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Yon sòm David

1 O SENYÈ, se kilès ki kab rete nan tant Ou? Kilès ki kab demere sou mòn sen Ou an?

2 Sila ki mache nan entegrite a e ki fè zèv ladwati yo; li ki pale verite a nan kè li a;

3 ki pa fè kout lang sou lòt, ni fè vwazen li mal, ni patisipe nan fè repwòch kont zanmi li;

4 nan zye a sila yon vagabon meprize a, men ki bay lonè a sila ki fè lakrent SENYÈ yo; li sèmante a pwòp pèt li, menm lè l fè l mal, e li pa chanje menm;

5 Li pa vèse bay lajan li avèk enterè, ni li pa aksepte yon kado anba tab kont inosan an. Sila ki fè bagay sa yo p ap janm ebranle.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite