Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Pwovèb 11:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Entegrite a moun dwat la va gide yo; men koripsyon a sila ki fè konplo a va detwi yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Moun k'ap mache dwat konnen sa pou yo fè, paske se moun serye yo ye. Men moun k'ap mache bay koutba, yo gen pou yo fini mal, paske se bakonyè yo ye.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 11:3
13 Referans Kwoze  

Ladwati se yon pwotèj pou sila ki san fot la; men mechanste fè pechè a vin souye nèt.


Sila ki mache san tò a va delivre; men sila ki kwochi a va tonbe byen vit.


Foli a yon nonm fè chemen l gate; e kè li anraje kont SENYÈ a.


Fè m jistis, O SENYÈ, paske mwen te mache nan entegrite mwen. Mwen te mete konfyans mwen nan SENYÈ a san varye.


Kite entegrite avèk ladwati pwoteje mwen, paske se Ou m ap tann.


“Si nenpòt moun dakò pou fè volonte L, l ap konnen enstriksyon an, si Li sòti nan Bondye, oubyen si Mwen pale pou kont Mwen.


Pa fè eksè nan mechanste, ni pa vin ensanse. Poukisa ou ta vle mouri avan lè ou?


Ladwati a sila ki san tò a va fè wout li vin swa; men mechan an va tonbe akoz pwòp inikite pa Li.


Men transgresè ak pechè yo va kraze ansanm, e sila ki abandone SENYÈ yo va vin disparèt nèt.


Vyolans a mechan yo va trennen yo fè yo pati, akoz yo refize aji ak jistis.


men mechan yo va koupe retire nèt de peyi a, e moun trèt yo va dechouke de li.


Zye a SENYÈ a konsève konesans; men Li boulvèse pawòl moun malveyan yo.


Yo te touye wa a Madian yo ansanm avèk lòt ki te mouri yo: Evi, Rékem, Tsur, Hur, ak Réba, senk wa a Madian yo. Yo osi te touye Balaam fis a Beor a avèk nepe.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite