Lè tan kriye a te fini, David te voye mennen li lakay li, li te devni madanm li, e li te fè yon fis pou li. Men bagay ke David te fè a te mal nan zye SENYÈ a.
Sòm 32:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Lè m te kenbe silans selon peche mwen, kò m te desann bese nèt e mwen t ap plenyen tout lajounen. 1998 Haïtienne Tank mwen pa te ko vle rekonèt peche mwen yo, se tank tou mwen t'ape cheche sou pye. Tout lajounen mwen t'ap plenn. |
Lè tan kriye a te fini, David te voye mennen li lakay li, li te devni madanm li, e li te fè yon fis pou li. Men bagay ke David te fè a te mal nan zye SENYÈ a.
Paske soupi mwen yo parèt menm moman manje a rive devan ze m. Epi kri mwen yo vide tankou dlo.
Bondye mwen, Bondye mwen, poukisa Ou te abandone m? Kri a doulè sa a lwen delivrans mwen.
Nanpwen anyen ki ansante nan chè m, akoz endiyasyon Ou. Nanpwen lasante nan zo m yo akoz peche mwen.
Fè m gras, O SENYÈ, paske mwen chagren anpil. Geri mwen, O SENYÈ, paske zo m yo rele anmwey,
Sila ki kache transgresyon li yo, p ap fè pwogrè; men sila ki konfese yo e kite yo, va jwenn konpasyon.
Fis ou yo vin endispoze; yo kouche atè sou pwent a chak ri, tankou antilòp ki kenbe nan pèlen. Yo ranpli ak kòlè SENYÈ a, ak repwòch Bondye ou a.
Akoz inikite gwo lanvi li, Mwen te fè kòlè, e Mwen te frape li. Mwen te kache figi Mwen; Mwen te fache. Konsa li te kontinye regrese nan wout kè l te pran an.
Epi nou tout gwonde tankou lous, e plenyen ak tristès kon toutrèl. Nou espere lajistis, men nanpwen; pou delivrans, men li lwen nou.
Juda antre an egzil anba gwo opresyon; anba esklavaj byen di. Li demere pami nasyon yo; pou repo, nanpwen. Tout sila k ap pesekite l yo, fin sezi li nan mitan gwo twoub li.
Yo pa t kriye a Mwen menm avèk kè yo, men yo rele fò sou kabann yo. Yo rasanble tèt yo pou sereyal ak diven nèf. Men yo vire kite Mwen.
Yo te pran zo yo e te antere yo anba pye tamaren Jabès la e yo te fè jèn pandan sèt jou.