Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Lamantasyon 3:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Menm lè m kriye e rele sekou, Li fèmen lapriyè m deyò.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Tout rele mwen rele byen fò, pèsonn p'ap tande m.

Gade chapit la Kopi




Lamantasyon 3:8
9 Referans Kwoze  

“Gade byen, mwen kriye: ‘Vyolans!’ Men nanpwen repons. Mwen rele sekou! Men nanpwen jistis.


Mwen kriye a Ou menm pou sekou, men Ou pa reponn mwen. Mwen kanpe, e se gete, Ou gete m.


O Bondye mwen, mwen kriye pandan lajounen, men Ou pa reponn. E nan lannwit men m pa jwenn repo.


O Bondye dèzame yo, pou konbyen de tan Ou va fache kont lapriyè a pèp Ou a?


Ou te kouvri nou ak kòlè e te kouri dèyè nou. Ou te touye. Ou pa t gen pitye menm.


Ou te kouvri tèt Ou ak yon nwaj lakolè, pou okenn lapriyè pa ka pase ladann.


Pandan konbyen tan, O SENYÈ, mwen va kriye sekou e Ou pa tande? Mwen kriye a Ou menm, “Vyolans!” Men Ou pa delivre.


Nan anviwon nevyèm lè, Jésus te kriye avèk yon vwa byen fò: “Eli, Eli, lima sabachthani?” Ki vle di: “Bondye m, Bondye m, Poukisa Ou abandone Mwen?”


Paske tout moun ki mande, va resevwa. Sila a ki chache, va twouve. E a sila a ki frape, l ap ouvri.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite