Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Lamantasyon 1:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Juda antre an egzil anba gwo opresyon; anba esklavaj byen di. Li demere pami nasyon yo; pou repo, nanpwen. Tout sila k ap pesekite l yo, fin sezi li nan mitan gwo twoub li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Yo depòte moun peyi Jida yo, y'ap peze yo. Y'ap kraze yo anba travay di. Moun peyi Jida yo ap viv nan lòt peyi. Yo pa gen kote pou yo poze kò yo. Tout moun ki pa vle wè yo sènen yo toupatou! Pa gen chape pou yo.

Gade chapit la Kopi




Lamantasyon 1:3
22 Referans Kwoze  

Epi tout rès nan moun ki te kite lavil yo, sila ki te dezète al jwenn wa Babylone nan e tout rès pèp la ki te rete, Nébuzaraden, kapitèn gad la, te pote yo ale an egzil.


Alò, wa Babylone nan te frape yo e te mete yo a lanmò nan Ribla nan peyi Hamath. Konsa, Juda te mennen an egzil soti nan peyi li.


Konsa, yo te kase vil la antre e tout mesye lagè yo te sove ale nan nwit lan pa pòtay antre de mi yo akote jaden a wa a, malgre Kaldeyen yo te antoure tout vil la. Konsa, yo te sòti pa chemen dezè a.


Men lame Kaldeyen yo te kouri dèyè wa a. Yo te rive pran li nan plèn Jéricho a, e tout lame li a te gaye kite li.


Vil negev yo te fèmen ak kle, e nanpwen moun ki pou louvri yo. Tout Juda fin antre an egzil, antre an egzil nèt.


“Gade byen, Mwen ap voye anpil moun lapèch,” deklare SENYÈ a: “Epi yo va fè lapèch pou yo. Apre sa a, Mwen va voye anpil moun lachas e yo va fè lachas pou yo nan tout kolin ak nan tout kwen nan gwo wòch yo.


Mwen va fè yo vin yon gwo laperèz ak yon mal pou tout wayòm latè yo, kon repwòch, yon vye mo, yon rizib, e yon madichon tout kote ke M gaye yo.


Tout rès pèp la ki te rete lavil la, ak sila ki te abandone vil la, ki te janbe kote li, e retay ki te rete nan vil la, Nebuzaradan, chèf gad yo, te pote yo an egzil Babylone.


Epi Nebuzaradan, chèf kò gad yo, te mennen, pote an egzil kèk nan moun ki pi malere pami pèp la, tout lòt moun ki te rete nan vil la, sila ki te dezète Jérusalem yo pou ale kote wa Babylone nan ak tout rès moun metye yo.


Men lame Kaldeyen an te kouri dèyè wa a. Li te rive sou Sédécias nan plèn Jéricho e tout lame li a te gen tan gaye kite li.


Pòtay li yo te fonse antre nan tè, Li te detwi e kraze fè fòje a. Wa li yo ak prens li yo vin gaye pami nasyon yo; lalwa, nanpwen ankò. Anplis, pwofèt li yo pa resevwa vizyon de SENYÈ a.


“Sòti! Pa pwòp!” Yo te kriye a yo menm. “Sòti, sòti, pa touche!” Konsa yo te sove ale, e te mache toupatou. Pami nasyon yo, yo te di: “Yo p ap ka kontinye rete pami nou”.


Sila k ap kouri dèyè nou yo rive sou kou nou. Nou vin bouke nèt. Nanpwen repo pou nou.


Yon tyè nan nou va mouri akoz epidemi. Yo va vin mouri nan gwo grangou nan mitan nou. Yon tyè va tonbe devan nepe ki toupatou nou. Yon tyè, mwen va gaye nan tout van yo, e Mwen va rale yon nepe dèyè yo.’”


Pou sa, nou va sèvi lènmi nou yo ke SENYÈ a va voye kont nou, nan grangou, nan swaf, nan toutouni ak nan manke tout bagay. Konsa, Li va mete yon jouk fèt an fè sou kou nou jiskaske Li fin detwi nou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite