22 Yon kè kontan se bon remèd; men yon lespri brize seche tout zo.
22 Kè kontan bay lasante. Men, lè ou kagou, w'ap deperi sou pye.
Fòs mwen vin sèch tankou cha kanari. Lang mwen kole akote nan bouch mwen. Ou fè m kouche nan pousyè lanmò a.
Gwo pwoblèm nan kè a yon moun peze li desann; men yon bon pawòl fè l leve.
Kè ki gen lajwa fè figi moun rejwi; men lè kè a tris, lespri a vin brize.
Pawòl agreyab se yon nich gato siwo myèl; dous pou nanm nan, ak gerizon pou zo.
Lespri a yon nonm kapab sipòte maladi; men nan ka lespri brize a, se kilès ki kab sipòte li?
Mwen te di de afè ri, “Sa se foli,” e de plezi, “Kisa l ap akonpli?”
Donk okontrè, nou ta pito rekonfòte e padone li, otreman pou yon moun konsa ta sibi yon tristès ki depase limit.
Paske tristès ki selon volonte Bondye a prodwi yon repantans ki san regrè, ki mennen nan sali; men tristès a mond lan prodwi lanmò.