Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 17:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Yon nonm mechan an resevwa kòb anba tab an sekrè; pou l tòde chemen lajistis.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Malveyan pran lajan nan men moun pou enpoze jistis fèt.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 17:23
16 Referans Kwoze  

Ou pa pou pran lajan anba tab, paske kòb anba tab ap avegle sila ki wè klè yo, e konwonpi kòz sila ki jis yo.


Vèse kòb anba tab se tankou wanga pou mèt li; nenpòt kote li vire, li byen reyisi.


Don a yon nonm fè kont espas pou li, e mennen li devan moun enpòtan.


Yon kado vèse an sekrè kalme fachez, e yon anba tab ki glise rive, bese gwo kòlè.


Paske chantay ka fè yon nonm saj vin fou, e lajan anba tab fè kè vin konwonpi.


Chèf ou yo se rebèl yo ye k ap fè zanmi parèy ak volè. Se yo tout ki renmen resevwa anba tab ak kouri dèyè benifis. Yo pa defann òfelen an, ni ka a vèv la pa rive devan yo.


sila ki jistifye mechan yo pou kòb glise anba tab e ki rachte dwa a sila ki gen rezon yo!


Nan ou, yo te touche anba tab pou yo ta vèse san. Ou te pran enterè ak pwofi, ou te fè donmaj a vwazen ou yo pou ou kab vin genyen pa opresyon, e ou te bliye Mwen,” deklare Senyè BONDYE a.


Prens ki anndan li yo tankou lou k ap dechire bèt pou yo manje, k ap vèse san e detwi lavi pou fè benefis malonèt.


Chèf li yo fè jijman pou jwenn sa ki glise anba tab, e prèt li yo enstwi pou kòb, pandan pwofèt li yo ap pwofetize pou lajan. Malgre sa, yo apiye sou SENYÈ a. Yo di: “Se pa SENYÈ a ki nan mitan nou? Okenn malè p ap rive sou nou.”


Alò, tande sa, chèf lakay Jacob yo, ak sila k ap gouvène lakay Israël yo, ki rayi jistis, e ki vire tòde tout sa ki dwat,


Toude men yo sou sa ki mal la pou fè l byen. Prens lan mande, e jij la prè pou yon glise anba tab. Yon nonm pwisan prezante tout mechanste ke nanm li bezwen. Konsa yo trese l pou fè l vin yon sèl.


Nou p ap tòde jistis la. Nou p ap fè patipri, e nou p ap pran anyen anba tab; paske afè anba tab avegle zye a saj yo, e pèvèti pawòl a sila ki dwat yo.


Men mwen! Temwaye kont mwen devan SENYÈ a avèk moun onksyone pa Li yo. Se bèf a ki moun mwen konn vòlè, oswa bourik a kilès mwen te konn pran, oswa se kilès mwen te konn twonpe? Ki moun mwen te konn oprime, oswa nan men a kilès mwen te touche anba tab pou zye m pa wè? Si mwen te fè bagay sa yo, M ap repare sa.”


Malgre sa, fis li yo pa t mache nan tras pa li yo, men yo te vire akote pou reyisi avantaj malonèt, e yo te nan patipri.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite