Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 32 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Yon Sòm David. Yon Sòm Refleksyon

1 A la beni se sila ki padone pou transgresyon li, pou peche li ki kouvri a!

2 A la nonm beni se sila SENYÈ a pa jije kon koupab la, e nan lespri a sila ki pa gen manti a.

3 Lè m te kenbe silans selon peche mwen, kò m te desann bese nèt e mwen t ap plenyen tout lajounen.

4 Paske lajounen kon lannwit, men Ou te lou sou mwen. Fòs mwen te epwize vin bese tankou gwo chalè nan gran sezon ete. Tan

5 Mwen te vin rekonèt peche m devan Ou, e inikite mwen, mwen pa t ankò kache. Mwen te di: “Mwen va konfese transgresyon mwen yo a SENYÈ a”, epi Ou te padone koupabilite m pou peche mwen yo.

6 Konsa, kite tout sila ki fidèl yo priye vè Ou menm, nan yon lè ke Ou toujou disponib. Anverite, nan gran flèv dlo yo, yo p ap kab rive kote Li ankò.

7 Ou se kote ke m konn kache a. Ou pwoteje mwen kont gwo twoub. Ou antoure mwen avèk chanson delivrans yo.

8 Mwen va enstwi ou e fè ou aprann chemen nan sila ou dwe ale a. Mwen va bay ou konsèy avèk zye M sou ou.

9 Pa fè tankou cheval oswa milèt ki pa gen konprann menm, ki nan tout sikonstans, oblije gen brid ak bosal ki pou ralanti yo. Otreman, yo p ap vin kote ou.

10 Anpil se tristès a mechan yo, men sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a, se lanmou dous ki va antoure li.

11 Fè kè kontan nan SENYÈ a e rejwi, nou menm ki jis! Rele avèk jwa, nou tout ki dwat nan kè nou yo.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite