Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 32:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Paske lajounen kon lannwit, men Ou te lou sou mwen. Fòs mwen te epwize vin bese tankou gwo chalè nan gran sezon ete. Tan

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Lajounen kou lannwit ou t'ap kale mwen, Senyè. Mwen te fin rann tout ji mwen Mwen te tankou tè sèk nan sezon lesèk.

Gade chapit la Kopi




Sòm 32:4
15 Referans Kwoze  

O ke yon nonm ta kab plede avèk Bondye, kon yon moun plede ak vwazen li!


Chè m vin nwa sou mwen, li kale, e zo m yo brile ak lafyèv.


Gade byen, se pa okenn krent mwen gen, ki ta bay ou laperèz, ni se pa akoz fòs pwa balans mwen an, ke ou ta twouve chaj la lou.


Fòs mwen vin sèch tankou cha kanari. Lang mwen kole akote nan bouch mwen. Ou fè m kouche nan pousyè lanmò a.


Aparans yo koulye a pi nwa ke poud chabon. Yo pa menm rekonèt yo nan lari. Chè yo vin kole sou zo yo. Li fennen nèt. Li vin tankou bwa.


Po nou vin kwit tankou yon fou, akoz gwo chalè grangou a.


Èske konsa nou ta tann jiskaske yo ta grandi? Èske pou sa, nou ta refize marye? Non fi mwen yo, sa fè m trist pou ka nou yo. Paske, men SENYÈ a gen tan parèt kont mwen.”


Pou sa, yo te voye rasanble tout prens a Filisten yo, e te di: “Voye lach Bondye Israël la ale. Kite li retounen nan pwòp plas li, pou li pa touye nou avèk pèp nou an.” Paske te genyen yon gwo boulvèsman ki t ap mennen lanmò toupatou nan vil la. Men SENYÈ a te lou kote sa a.


Lè yo te fin pote li rive, men SENYÈ a te vin kont vil la avèk gwo boulvèsman. Li te frape Mesye lavil yo, ni jenn, ni granmoun jiskaske gwo boul bouton yo te vin pete sou yo.


Veye, si li monte pa chemen Béth-Schémesch. Konsa n a konnen se Li menm ki fè nou gwo malè sila a. Men si se pa konsa; alò, nou va konnen ke se pa men Li menm ki te frape nou an, men sa te vin rive pa aza.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite