Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 51:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Fè m tande lajwa avèk kè kontan, pou zo ke Ou te kase yo, vin rejwi.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 (10) Fè m tande pawòl ki pou fè kè m kontan an, pawòl ki pou fè m chante a. Wi, ou te kraze tout zo nan kò m, men w'a fè kè m kontan ankò.

Gade chapit la Kopi




Sòm 51:8
17 Referans Kwoze  

Mwen konnen tou, O Bondye mwen an, ke Ou fè sonde tout kè, e pran plezi nan ladwati. Pou mwen menm, ak yon kè entèg, mwen te ofri avèk bòn volonte tout sila yo. Epi koulye a, avèk jwa, mwen gen tan wè pèp Ou a, ki prezan isit la, pou fè sakrifis ak bòn volonte a Ou menm.


Men mwen va mete konfyans mwen nan lanmou dous Ou a; Kè m va rejwi nan delivrans ou


Ou te chanje doulè mwen, e sa te fè m vin danse ak lajwa; Ou te demare rad twal sak mwen an, e te mare senti m avèk kè kontan.


Tout zo m menm va di: “SENYÈ, se kilès ki tankou Ou menm? Kilès ki delivre aflije yo nan men a sila ki twò fò pou li yo? Wi, ak aflije e malere yo k ap soti nan men a sila menm k ap vòlè yo?”


Nanpwen anyen ki ansante nan chè m, akoz endiyasyon Ou. Nanpwen lasante nan zo m yo akoz peche mwen.


Rachte a SENYÈ yo va retounen. Ya vini ak gwo kri lajwa lantre nan Sion; lajwa ki p ap janm fini ap sou tèt yo. Yo va twouve kè kontan ak lajwa; tristès ak soupi va sove ale.


O SENYÈ, èske zye Ou pa chache verite? Ou te frape yo, men yo pa t sanse doulè. Ou te fè yo megri, men yo pa t aksepte korije. Yo fè figi yo pi di pase wòch. Yo refize repanti.


Beni se sila yo ki soufri doulè akoz gwo pèt; yo va konsole.


“Lespri Senyè a sou Mwen, paske Li te onksyone M pou preche bòn nouvèl la a malere yo. Li te voye M pou pwoklame libète a prizonye yo, pou fè avèg yo vin wè, pou libere sila ki oprime yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite