Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Jòb 3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Lè l fini, Job te ouvri bouch li e te modi jou li te fèt la.

2 Job te di:

3 “Kite jou ke m te dwe fèt la peri, ak nwit ki te anonse ‘se yon gason ki fèt la.’

4 Ke jou sa a kapab vin fènwa nèt. Pa kite Bondye anwo a pran swen li, ni limyè vin klere sou li.

5 Kite fènwa avèk gwo tenèb reklame li. Kite fènwa jou sa a modi li.

6 Selon nwit sa a, kite tenèb sezi li. Kite li pa gen rejwisans nan jou ane a. Kite li pa antre nan chif ki konte mwa yo.

7 Koute byen, kite nwit sa a rete esteril. Pa kite okenn kri lajwa antre ladann.

8 Kite sila ki konn modi jou yo modi jou sa a, sila ki prè pou fè Levyatan leve kò l.

9 Kite zetwal lannwit li yo vin etenn. Kite li espere limyè, men pa twouve l. E kite li pa wè maten vin parèt,

10 akoz li pa t fèmen ouvèti vant manman m, ni kache twoub devan zye m.

11 “Poukisa mwen pa t mouri lè m te fèt? Sòti nan vant li e mouri la menm?

12 Poukisa jenou yo te resevwa m, e poukisa tete a, pou m ta pran?

13 Paske koulye a mwen t ap gen tan kouche pou m jwenn lapè; mwen t ap dòmi depi lè sa a e mwen t ap twouve repo,

14 ansanm ak wa ak konseye latè ki te rebati ansyen mazi yo pou kont yo;

15 oswa avèk prens ki te gen lò yo, ki t ap plen lakay yo ak ajan;

16 Oswa kon yon fòs kouch ki kache, mwen pa t ap egziste, kon yon pitit ki pa t janm wè limyè.

17 La, mechan yo sispann fè laraj, e la moun fatige yo jwenn repo.

18 Prizonye yo alèz ansanm. Yo p ap tande vwa a sipèvizè a.

19 Ni piti, ni gran yo la. E esklav la lib de mèt li.

20 “Poukisa limyè bay a sila ki soufri a, e lavi a nanm anmè a,

21 ki anvi wè lanmò, men nanpwen, e fouye plis pou twouve li pase trezò kache,

22 ki rejwi anpil e fè lwanj lè yo rive nan tonbo a?

23 Poukisa limyè bay a yon nonm ak chemen an kache a, ke Bondye te jennen tout kote a?

24 Paske soupi mwen yo parèt menm moman manje a rive devan ze m. Epi kri mwen yo vide tankou dlo.

25 Paske sa m krent lan te vini sou mwen. Sa ke m pa vle wè a te tonbe sou mwen.

26 Mwen pa alèz, ni mwen pa anpè. Mwen pa jwenn repo, ni m pa kal, men se boulvèsman ki vin parèt.”

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite