Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 22:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Bondye mwen, Bondye mwen, poukisa Ou te abandone m? Kri a doulè sa a lwen delivrans mwen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 (2) Bondye! Bondye! Poukisa ou lage mwen konsa? Poukisa ou kouri lwen mwen san ou pa pote mwen sekou, san koute jan m'ap plenn?

Gade chapit la Kopi




Sòm 22:1
23 Referans Kwoze  

Paske soupi mwen yo parèt menm moman manje a rive devan ze m. Epi kri mwen yo vide tankou dlo.


Poukisa Ou kanpe tèlman lwen, O Senyè? Poukisa Ou kache Ou menm nan tan twoub yo?


Pwoteje m O Bondye, paske mwen kache nan Ou.


Pa rete lwen mwen, paske gwo twoub la toupre. Paske nanpwen moun ki pou ede m.


Konsa, chen yo vin antoure mwen. Yon bann malfektè vin ansèkle m. Yo te pèse dwat mwen avèk pye m.


Pa retire nanm mwen ansanm avèk pechè yo, ni lavi m avèk mesye ki vèse san yo,


Paske SENYÈ a renmen jistis, e li pa abandone fidèl li yo. Yo prezève pou tout tan, men mechan yo va vin koupe retire nèt.


Mwen pa kab santi anyen ankò. Mwen fin kraze nèt. Vwa m plenyen akoz kè m ajite.


Y ap di: “Bondye fin abandone li. Annou kouri dèyè l, e sezi li. Paske nanpwen moun ki pou delivre l.”


Mwen mennen ladwati Mwen vin toupre. Li pa lwen, epi sali Mwen p ap fè reta. Mwen va bay sali nan Sion e glwa Mwen a Israël.


Epi nou tout gwonde tankou lous, e plenyen ak tristès kon toutrèl. Nou espere lajistis, men nanpwen; pou delivrans, men li lwen nou.


Ou va kase li an miyèt mòso e vide lwil sou li. Li se yon ofrann sereyal.


Nan anviwon nevyèm lè, Jésus te kriye avèk yon vwa byen fò: “Eli, Eli, lima sabachthani?” Ki vle di: “Bondye m, Bondye m, Poukisa Ou abandone Mwen?”


Nan nevyèm lè a, Jésus te kriye fò avèk yon gwo vwa: “Eloi, Eloi, lama sabachthani?” ki tradwi “Bondye M, Bondye M, poukisa Ou abandone Mwen?”


Ak gwo toumant, Li t ap priye avèk entansite. Swè Li te vin tankou gwo gout san ki t ap tonbe atè.


Alò, Li te di yo: “Sa se pawòl Mwen yo ke Mwen te pale avèk nou pandan Mwen te toujou avèk nou an. Ke tout bagay ki ekri sou Mwen menm nan Lalwa Moïse avèk Pwofèt yo avèk Sòm yo ta oblije akonpli.”


Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: “Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,”


Nan jou lachè Li yo, Li te ofri priyè, siplikasyon avèk gwo kriye ak dlo nan zye a Sila sèl ki ta kapab sove Li soti nan lanmò a, e Li, Bondye, te tande akoz de sentete Li.


Paske SENYÈ a p ap abandone pèp Li a akoz gran non Li, paske sa te fè SENYÈ a plezi pou fè nou yon pèp ki te pou Li menm.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite