Pwovèb 16:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Bon konprann se yon fontèn dlo lavi pou sila ki genyen l; men pou disipline moun ensanse yo se foli. 1998 Haïtienne Moun ki gen bon konprann gen lavi. Men, moun sòt ap toujou sòt. |
Lang a saj la gen pou mèt, konnesans; men bouch a sila ki manke konprann nan eksprime foli.
Kè a moun dwat la reflechi anpil pou bay repons; men bouch a mechan an fè anpil move bagay vin parèt.
Moun saj nan kè va rekonèt kon moun bon konprann; e dousè nan pale va ogmante kapasite konvenk moun.
Pawòl yo ki sòti nan bouch a yon nonm se yon dlo byen fon; dlo sajès se yon dlo fre k ap koule tout tan.
Pa okipe yo. Yo se avèg k ap gide avèg. Si yon avèg ap gide yon avèg, se toude k ap tonbe nan yon twou.”
“Anverite, Anverite, Mwen di nou, moun ki tande pawòl Mwen, epi kwè Li menm ki te voye Mwen an, genyen lavi etènèl, epi pa p vini nan jijman, men li gen tan kite lanmò, pou antre nan lavi.
“Se Lespri a ki bay lavi. Chè a pa gen okenn benefis. Pawòl ke Mwen te pale a nou yo se Lespri, epi se lavi.