22 Konsa yo va lavi pou nanm ou ak dekorasyon pou kou ou.
22 Y'ap ba ou lavi, y'ap fè lavi ou bèl tankou yon kolye ki pase nan kou ou.
Paske yo se lavi a sila ki jwenn yo, ak lasante a tout kò yo.
Anverite, yo fè yon kouwòn byen bèl sou tèt ou, ak yon bèl dekorasyon nan kou ou.
O Senyè, se pou bagay sa yo ke moun viv, e nan sa yo, lespri m jwenn lavi. Ou te fè m twouve lasante e te fè m viv!
Paske se pa yon bagay pa aza ke yo ye pou nou. Anverite, se lavi nou yo ye. Pa pawòl sila yo, nou va pwolonje vi nou nan tè ke nou prèt pou travèse Jourdain an pou posede a.
Pran enstriksyon; pa lage menm. Pwoteje li paske li se lavi ou.
Paske sila ki twouve mwen an, jwenn lavi e resevwa lonè devan SENYÈ a.
Bon konprann se yon fontèn dlo lavi pou sila ki genyen l; men pou disipline moun ensanse yo se foli.
Sila ki swiv ladwati ak fidelite a jwenn lavi, ladwati ak lonè.
Sila ki twouve sajès renmen pwòp nanm li. Sila ki kenbe ak bon konprann nan va jwenn sa ki bon.