Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 15:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Lang a saj la gen pou mèt, konnesans; men bouch a sila ki manke konprann nan eksprime foli.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Pawòl ki sòti nan bouch moun ki gen bon konprann fè ou anvi konnen tou. Men, pawòl ki sòti nan bouch moun san konprann, se pawòl san sans.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 15:2
14 Referans Kwoze  

Kè m debòde avèk yon bèl sijè. Mwen resite vèsè mwen yo pou Wa a. Lang mwen se plim a yon ekriven byen prepare.


Gade byen, yo fè pete gwo gaz ak bouch yo. Nepe yo nan lèv yo, paske yo di: “Kilès ki tande”?


Yon moun pridan kache sa li konnen; men kè moun san konprann pale jis nan foli.


Tout moun ki pridan aji ak konesans; men yon moun san konprann parèt ak foli li.


Yon nonm jwenn kè kontan nan yon repons ki jis, e a la bèl yon mo livre nan pwòp lè li bèl!


Kè a moun dwat la reflechi anpil pou bay repons; men bouch a mechan an fè anpil move bagay vin parèt.


Lèv a moun saj yo gaye konesans; men se pa konsa ak kè moun ensansib yo.


Kè moun saj la enstwi bouch li; li ogmante pouvwa l pou konvenk moun ak lèv li.


pou ou kab kenbe sajès e pou lèv ou ka konsève konesans.


Malgre tout sa, moun ensanse a ogmante pawòl li yo. Pèsòn pa konnen sa ki va rive, e kilès kab di li sa ki va rive apre li.


Paske rèv la vin akonpli ak anpil travay; e vwa a yon moun ensanse, ak anpil pawòl.


Senyè a te ban Mwen lang a sa yo ki enstwi yo, pou M ka konnen jan pou bay pawòl soutyen a sila ki fatige. Li fè M leve maten apre maten, Li fè zòrèy Mwen leve pou koute kon yon disip.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite