Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 15:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Yon repons ki dous kalme kòlè; men yon mo sevè pwovoke gwo fache.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Yon bon repons dous ap kalme yon moun ki ankòlè. Men, si ou reponn li rèd, w'ap fè l pi eksite.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 15:1
16 Referans Kwoze  

Men mesye Israël yo te reponn mesye Juda yo e te di: “Nou gen dis pati nan wa a; pou sa, nou osi gen plis pati nan David pase ou! Poukisa konsa, ou vin meprize nou? Èske se pa t konsèy pa nou premyèman pou fè wa a tounen?” Men pawòl a Juda yo te pi rèd pase pawòl a Israël yo.


Alò, yo te pale avèk li. Yo te di: “Si ou va sèvi pèp sa a jodi a, sede a yo sa ke yo mande e pale bon pawòl avèk yo. Konsa, yo va sèvitè ou pou tout tan.”


Yo te pale avèk li e te di: “Si ou va aji nan dousè avèk pèp sa a, si ou va fè yo kontan e pale pawòl dous ak yo, alò, yo va vin sèvi ou nèt.”


Èske l ap fè ou anpil siplikasyon, oswa èske l ap pale ak ou ak pawòl dous?


Rayisman pwovoke konfli; men lanmou kouvri tout fot.


Yon nonm ki kolerik pwovoke konfli; men sila ki lan nan kòlè a kalme yon kont.


Ak pasyans, yon chèf ka vin pèswade; se yon lang dous ki kase zo.


Yon nonm awogan ap pwovoke konfli; men sila ki mete konfyans nan SENYÈ a va pwospere.


Yon nonm an kòlè pwovoke konfli e yon nonm ki plen fachèz fè anpil tò.


Mokè yo, fè gwo vil la pran dife; men moun saj yo kalme kòlè.


Lè l fin di sa, li te ranvwaye asanble a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite