Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 6:68 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

68 Simon Pierre te reponn Li: “Senyè, a kibo nou ta ale? Ou gen pawòl lavi etènèl yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

68 Simon Pyè reponn li: — Senyè, ki moun pou n'al jwenn? Se ou menm ki gen pawòl k'ap bay lavi ki p'ap janm fini an.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

68 Simon Pyè reponn li: “Senyè, ki kote pou n ta ale? Se ou ki genyen pawòl ki bay lavi etènèl la.

Gade chapit la Kopi




Jan 6:68
17 Referans Kwoze  

Se kilès mwen gen nan syèl la sof ke Ou? Epi anplis ke Ou, mwen pa vle anyen sou latè.


“Anverite, Anverite, Mwen di nou, moun ki tande pawòl Mwen, epi kwè Li menm ki te voye Mwen an, genyen lavi etènèl, epi pa p vini nan jijman, men li gen tan kite lanmò, pou antre nan lavi.


“Konsa, pa gen sali nan okenn lòt. Paske nanpwen lòt non anba syèl la ki bay pami lòm pa kilès nou dwe sove.”


“Ale, kanpe pale ak pèp la nan tanp lan tout pawòl lavi a.”


“Sa se li menm ki te nan asanble nan dezè a; ki te avèk zanj ki t ap pale avè l sou Mòn Sinaï a, e avèk zansèt nou yo, ki te te resevwa pawòl vivan yo pou pase bannou.


“Se Lespri a ki bay lavi. Chè a pa gen okenn benefis. Pawòl ke Mwen te pale a nou yo se Lespri, epi se lavi.


Simon Pierre te reponn Li: “Ou menm se Kris La, Fis a Bondye vivan an.”


Paske sa se volonte a Papa M, ke tout moun ki wè Fis la epi kwè nan Li kapab gen lavi etènèl. Epi Mwen menm va fè l leve nan dènye jou a.”


Paske pawòl ke Ou te ban Mwen yo, Mwen bay yo, e yo te resevwa yo e te vrèman konprann ke Mwen soti nan Ou menm. Yo te kwè ke Ou te voye Mwen.


Li te kesyone yo plis; “Men kilès nou menm nou di ke Mwen ye?” Pierre te reponn e te di Li: “Ou menm se Kris la.”


Li te mande yo: “Men kilès nou menm, nou di ke Mwen ye”? Pierre te reponn. Li te di: “Kris la a Bondye a.”


“Paske Mwen pa t pale pou kont Mwen, men Papa a, Li menm, ki te voye M te kòmande Mwen kisa pou M pale, e kisa pou M di.


E Mwen konnen ke kòmandman Li se lavi etènèl. Pou sa, se konsa Mwen pale; menm sa ke Papa a di Mwen yo, konsa Mwen pale.”


“Frè yo, Fis a fanmi Abraham yo, sila pami nou ki krent Bondye yo, a nou mesaj sali sila a voye.


Philippe te reponn: “Si ou kwè avèk tout kè ou, ou kapab.” Li te reponn e te di: “Mwen kwè ke Jésus Kris se Fis Bondye a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite