Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Pwovèb 18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Sila ki izole pwòp tèt li, chache pwòp enterè l; bon jijman an pa anyèn devan l.

2 Yon moun ensanse pa pran plezi nan bon konprann; men sèlman nan devwale pwòp panse li.

3 Lè yon nonm mechan vin parèt, mepriz la vini ansanm avè l; e avèk dezonè, wont vin parèt.

4 Pawòl yo ki sòti nan bouch a yon nonm se yon dlo byen fon; dlo sajès se yon dlo fre k ap koule tout tan.

5 Panche vè youn moun mechan an pa bon, ni pou fè jijman ki rache jistis nan men moun dwat yo.

6 Lèv a yon moun ensanse mennen konfli; bouch li ap mande kou.

7 Bouch a moun san konprann nan se dega li; e lèv li se pèlen pou nanm li.

8 Pawòl a sila ki chichote pawòl nan zòrèy moun nan se tankou bonbon ki gen gou dous; se jis nan fon kò a yo desann.

9 Anplis, sila ki parese nan travay li a se frè a sila ki detwi.

10 Non SENYÈ a se yon sitadèl byen fò; moun ladwati a kouri ladann pou jwenn sekou.

11 Pou yon nonm rich, byen li se yon vil ki fò; kon yon miray byen wo nan panse li.

12 Avan destriksyon, kè yon nonm plen ògèy; men imilite ale devan onè.

13 Sila ki bay repons avan li koute a; plen foli ak wont.

14 Lespri a yon nonm kapab sipòte maladi; men nan ka lespri brize a, se kilès ki kab sipòte li?

15 Panse a sila ki gen bon konprann nan, ranmase konesans; anplis, zòrèy a saj la chache konesans.

16 Don a yon nonm fè kont espas pou li, e mennen li devan moun enpòtan.

17 Premye moun pou plede ka li a, sanble gen rezon; jiskaske yon lòt moun vin egzamine l.

18 Tiraj osò fè konfli sispann; lap pran desizyon antre moun pwisan yo.

19 Yon frè ki blese se pi rèd pou konvenk pase yon vil fòtifye; konfli ak li se tankou ba fè nan yon sitadèl.

20 Se fwi a bouch moun ki satisfè vant li; l ap satisfè ak sa ke lèv li pwodwi.

21 Lanmò ak lavi nan pouvwa a lang lan; e sila ki renmen l yo, va manje fwi li.

22 Sila ki jwenn yon madanm, jwenn yon bon bagay, e twouve favè SENYÈ a.

23 Malere a pale: “Souple, fè m gras”; men moun rich la reponn byen di.

24 Yon nonm ak anpil zanmi vin kraze nèt; men gen yon kalite zanmi ki rete pi pwòch pase yon frè.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite