Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 18:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Bouch a moun san konprann nan se dega li; e lèv li se pèlen pou nanm li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Bouch moun sòt se kondannasyon li. Pawòl ki sòti nan bouch li tounen pèlen pou li.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 18:7
16 Referans Kwoze  

Epi pou chèf an tèt a sila ki antoure mwen yo, pou malveyans a pwòp lèv yo kapab vin kouvri yo.


Konsa, yo va chape tonbe. Pwòp lang pa yo va kont yo. Tout moun ki wè yo va souke tèt yo.


Moun saj yo ranmase konesans; men ak bouch moun fou a, destriksyon an toupre.


Saj nan kè yo va resevwa lòd chèf la; men yon moun fou ki pale anpil ap pèdi.


Yon moun mechan pyeje pa transgresyon lèv li; men moun dwat la va evite pwoblèm.


Sila ki kontwole bouch li, konsève lavi li; sila ki ouvri lèv li byen laj va detwi nèt.


Nan bouch a moun sòt la, se yon baton pou do li; men lèv a saj yo va pwoteje yo.


Bon konprann se yon fontèn dlo lavi pou sila ki genyen l; men pou disipline moun ensanse yo se foli.


Pawòl a sila ki chichote pawòl nan zòrèy moun nan se tankou bonbon ki gen gou dous; se jis nan fon kò a yo desann.


Pwòp inikite a mechan an va kaptire li. Li va kole nan kòd a pwòp peche pa li.


Ou te tonbe nan pèlen akoz pawòl a bouch ou, ou te kenbe menm, akoz pawòl bouch ou yo.


Lè li te wè li, li te chire rad li e te di: “Anmwey, pitit mwen, ou mete m ba nèt e ou pami sila yo ki twouble m yo. Paske, mwen te bay pawòl mwen a SENYÈ a, e mwen p ap kab reprann li.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite