Sa se liv jenerasyon Adan yo. Nan jou ke Bondye te kreye lòm, Li te fè l nan imaj Bondye.
Jak 3:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Avèk li, nou beni Senyè nou an ak Papa a, e avèk li, nou madichonnen moun ki fèt ak limaj Bondye. 1998 Haïtienne Avèk lang nou, nou fè lwanj Bondye papa nou. Avèk menm lang lan, nou bay moun madichon, moun Bondye te kreye pòtre ak li. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Avèk lang nou, nou chante louwanj pou Senyè a, Papa nou. Avèk lang nou tou, nou modi moun yo Bondye te kreye dapre limaj li. |
Sa se liv jenerasyon Adan yo. Nan jou ke Bondye te kreye lòm, Li te fè l nan imaj Bondye.
“Nenpòt moun ki vèse san lòm, pa lòm san pa l va vèse, paske nan imaj a Bondye, Li te fè lòm.
Lè Wa David te rive Bachurim, gade byen, te sòti depi la yon mesye ki sòti nan fanmi Saül ki te rele Schimeï, fis a Guéra a. Li te parèt ak pawòl madichon san rete pandan li t ap pwoche.
Men Abischaï, fis a Tseurja a te di: “Èske Schimeï pa ta dwe mete a lanmò pou sa, akoz li te modi onksyone a SENYÈ a?”
Konsa, David te beni SENYÈ a devan zye a tout asanble a. David te di: “Beni se Ou menm, O SENYÈ a, Bondye Israël la, papa nou, jis pou tout tan e tout tan.
Konsa, David te di a tout asanble a: “Koulye a, beni SENYÈ a, Bondye nou an.” Epi tout asanble a te beni SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, e te bese ba devan SENYÈ a e ak wa a.
Bouch li plen ak malediksyon, avèk twonpe moun avèk oprime moun. Anba lang li, se twonpe moun avèk mechanste.
Kè m fèm, O Bondye; mwen va chante. Mwen va chante lwanj ou, menm avèk tout nanm mwen.
Mwen va leve Ou wo, O Bondye mwen, O Wa a. Mwen va beni non Ou pou tout tan e pou tout tan.
Bouch mwen va pale lwanj SENYÈ a, e tout chè va beni sen non Li an jis pou tout tan e pou tout tan.
Konsa, pou kè m kab chante lwanj Ou, e pa rete an silans. O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen va bay Ou glwa pou tout tan, nèt.
Delivre mwen de koupabilite san vèse a, O Bondye, Bondye a sali mwen an. Konsa, lang mwen va chante avèk jwa selon ladwati a Ou menm nan.
Akoz peche a bouch yo avèk pawòl lèv yo, Kite yo sezi pran nan pwòp ògèy yo. Paske se malediksyon avèk manti yo bay.
Yo plen entansyòn pou pouse li soti nan wo pozisyon li. Yo pran plezi nan tout sa ki fo. Yo beni avèk bouch yo, men anndan yo bay madichon.
Lang mwen, anplis, va pale ladwati Ou tout lajounen. Paske yo wont, yo imilye, Sila ki te chache fè m mal yo.
Senyè a te di: “Akoz pèp sa a rapwoche ak pawòl pa yo, e onore Mwen ak lèv yo, men yo retire kè yo byen lwen Mwen, e akoz adorasyon yo pou Mwen fèt pa tradisyon ki aprann pa kè,
Konsa li te kòmanse bay madichon e te sèmante: “Mwen pa menm konnen nonm sila a!” Imedyatman, kòk la te chante.
Donk, kè m te kontan, e lang mwen te bay lwanj. Anplis de sa, chè mwen va repoze nan espwa,
Paske yon gason pa ta dwe kouvri tèt li akoz ke li se imaj ak glwa a Bondye, men fanm nan se glwa a gason.
Beni se Bondye, Papa Senyè nou an Jésus Kri, ki te beni nou avèk tout benediksyon Lespri a nan lye selès an Kris yo.
Relijyon ki pafè e san tach devan zye a Bondye, Papa nou a se sa a: vizite òfelen e vèv ki nan nesesite yo, e kenbe tèt nou san tach de mond lan.
Nan menm bouch la, sòti ni benediksyon ni madichon. Frè m yo, bagay sa yo pa dwe konsa.
Beni se Bondye e Papa a Senyè nou an, Jésus Kri, ki selon gran mizerikòd Li, te fè nou vin ne ankò nan yon esperans lavi pa rezirèksyon a Jésus Kris ki soti nan lanmò a
Yo te antre nan chan an pou te ranmase rezen, te kraze yo anba pye e te fè yon fèt. Konsa, yo te antre lakay dye pa yo pou te manje, bwè, e te modi Abimélec.