Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Yon Sòm David

1 Pwoteje m O Bondye, paske mwen kache nan Ou.

2 Mwen te di a SENYÈ, Ou se Senyè mwen. Mwen pa gen anyen ki bon sof ke Ou menm.

3 Selon sen sou latè yo, se moun manyifik yo ye; sou yo menm mwen pran tout plezi m yo.

4 Doulè a sila ki te fè donn a yon lòt dye va vin ogmante; Mwen p ap vin vide ofrann bwason san pa yo, ni non yo p ap sòti sou lèv mwen.

5 SENYÈ a se pòsyon eritaj mwen ak tas mwen; Se Ou menm ki bay soutyen a pati pa m nan.

6 Lizyè yo vin tonbe nan kote ki tèlman bèl pou mwen. Anverite, eritaj mwen bèl pou mwen.

7 Mwen va beni SENYÈ a ki te ban m konsèy la. Anverite, panse mwen toujou vin enstwi mwen pandan lannwit.

8 Mwen te mete SENYÈ a devan zye m tout tan. Akoz Li se men dwat mwen, mwen p ap ebranle menm.

9 Pou sa, kè m kontan e glwa mwen fè rejwisans. Anplis, chè m va toujou pwoteje.

10 Paske Ou p ap abandone nanm mwen nan sejou mò yo; ni Ou p ap pèmèt Sila Ki Sen Ou an vin tonbe an pouriti.

11 Ou va fè m rekonèt chemen lavi a. Nan prezans Ou, se lajwa ki an abondans nèt. Nan men dwat Ou, se plezi ki dire jis pou tout tan.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite