Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 108 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Yon chan. Yon Sòm David

1 Kè m fèm, O Bondye; mwen va chante. Mwen va chante lwanj ou, menm avèk tout nanm mwen.

2 Fè leve ap avèk lir! Mwen va fè leve solèy la!

3 Mwen va bay remèsiman a Ou menm, O SENYÈ, pami pèp yo. Mwen va chante lwanj a Ou pami nasyon yo.

4 Paske lanmou dous Ou a gran pase syèl yo, e verite Ou rive jis nan syèl yo.

5 Leve wo, O Bondye, anwo syèl yo ak glwa Ou anwo tout tè a.

6 Pou sila ke Ou tèlman renmen an, kapab delivre. Sove avèk men dwat Ou e reponn mwen!

7 Bondye te pale nan sentete Li a: “Mwen va leve wo, Mwen va divize Sichem, e mezire tout vale Succoth la.

8 Galaad se pou Mwen. Manassé se pa M. Ephraïm se kas sou tèt Mwen. Juda se baton wayal Mwen.

9 Moab se basen lesiv Mwen. Sou Edom, Mwen va jete soulye M. Sou Philistie, Mwen va rele byen fò.”

10 Se kilès ki va mennen M antre nan vil fòtifye a? Kilès ki va mennen M Edom?

11 Se pa ke Ou, Ou menm, O Bondye, te rejte nou an? Èske Ou p ap sòti avèk lame nou yo, O Bondye?

12 O bannou sekou kont advèsè a, paske delivrans a lòm se anven.

13 Avèk Bondye, nou va fè zèv vanyan. Se Li menm ki va foule advèsè nou yo anba pye L.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite