Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 30 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Yon Sòm; yon chan nan Dedikasyon Kay La; Yon Sòm David

1 Mwen va leve Ou wo, O SENYÈ, paske Ou te leve mwen. Ou pa t kite lènmi m yo rejwi sou mwen.

2 O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen te kriye a Ou menm, e Ou te geri mwen.

3 O SENYÈ, Ou te fè nanm mwen monte kite sejou lanmò yo. Ou te kenbe m vivan, pou m pa t desann nan gwo fòs la.

4 Chante lwanj a SENYÈ a, nou menm ki fidèl Li yo. Bay remèsiman a sen non Li.

5 Paske kòlè Li se sèlman pou yon moman, men Bonte Li se pou tout tan. Kriye a kapab dire pou nwit lan, men kri lajwa a vin parèt nan maten.

6 Alò, pou mwen, mwen te di nan bon tan mwen, “Mwen p ap janm ebranle.”

7 O SENYÈ, pa gras Ou, Ou te fè mòn mwen an kanpe fèm. Lè Ou te kache figi Ou, mwen te dekouraje nèt.

8 A Ou menm, SENYÈ, mwen te rele. A SENYÈ mwen an, mwen te fè siplikasyon mwen yo:

9 “Ki benefis ki genyen nan san mwen si mwen desann nan gwo fòs la? Èske pousyè a kab louwe Ou? Èske li va deklare fidelite Ou?

10 Tande, O SENYÈ e fè m gras. O SENYÈ, ban m soutyen.”

11 Ou te chanje doulè mwen, e sa te fè m vin danse ak lajwa; Ou te demare rad twal sak mwen an, e te mare senti m avèk kè kontan.

12 Konsa, pou kè m kab chante lwanj Ou, e pa rete an silans. O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen va bay Ou glwa pou tout tan, nèt.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite