Sòm 57 - Bib Sen An: Kreyòl AyisyenYon Mikhtam David, lè l te sove ale devan Saül nan kav la 1 Fè m gras, SENYÈ, O Bondye, fè m gras, paske nanm mwen kache nan Ou. Wi, nan lonbraj a zèl Ou, mwen va kache, jiskaske destriksyon an fin pase. 2 Mwen va kriye a Bondye Pi Wo a, a Bondye ki acheve tout sa m mande an. 3 Li va voye sòti nan syèl la pou sove mwen. Li fè repwòch a sila ki foule mwen an. Tan Bondye va voye fè rive lanmou dous Li ak verite Li. 4 Nanm mwen rete pami lyon yo. Mwen oblije kouche pami sila k ap respire dife yo. Fis a lòm yo menm ak dan kon frenn file, epi lang yo kon yon epe file. 5 Leve anwo syèl yo, O Bondye; Kite glwa Ou vin pi wo sou tout latè! 6 Yo te prepare yon gwo filè pou pa mwen yo; Nanm mwen koube ba. Yo te fouye yon fòs devan m. Yo te tonbe nan mitan li. Tan 7 Kè m kanpe fèm, O Bondye, kè m fèm. Mwen va chante, wi mwen va chante lwanj! 8 Leve, glwa mwen! Leve ap avèk gita! Mwen va fè maten vin leve. 9 Mwen va bay Ou remèsiman, O SENYÈ, pami pèp yo. Mwen va chante lwanj ou pami nasyon yo. 10 Paske lanmou dous Ou a gran jis rive nan syèl yo, epi verite Ou jis rive nan nwaj yo. 11 Leve anwo syèl yo, O Bondye. Ke Glwa Ou kapab vin pi wo ke tout latè. |
Copyright © 2017-2023 Ron Smith
eBible.org