Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 34:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Mwen va beni SENYÈ a nan tout tan. Lwanj Li va toujou nan bouch mwen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 (2) Se tout tan m'ap di Senyè a mesi, mwen p'ap janm sispann fè lwanj li.

Gade chapit la Kopi




Sòm 34:1
17 Referans Kwoze  

Abraham te di selon Sarah, madanm li: “Li se sè mwen”. Alò, Abimélec, wa nan Guérar a te vin pran Sarah.


Alò, te gen yon gwo grangou nan peyi a, ki te fèt apre gwo grangou ki te fèt nan jou Abraham yo. Isaac te ale Guérar vè Abimélec, wa Filisten yo.


Pa Ou menm, mwen te twouve soutyen depi lè m te fèt. Se Ou menm ki te retire mwen nan vant manman m. Tout tan se Ou menm ke m louwe.


Bouch mwen plen avèk lwanj Ou ak glwa Ou tout lajounen.


Lakrent a lòm mennen yon pèlen; men sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a va leve wo.


Men anviwon minwi Paul avèk Silas t ap priye e chante chan lwanj a Bondye. Lòt prizonye yo t ap koute yo.


Donk yo te kite konsèy la; yo te al fè wout yo, e t ap rejwi ke yo te konsidere dign pou soufri mepri pou non Li.


Toujou bay remèsiman a Bondye, Papa a, pou tout bagay nan non a Senyè nou an, Jésus Kri, Papa a menm,


Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.


Nan tout bagay bay remèsiman, paske sa se volonte Bondye pou nou nan Kris Jésus a.


Nou ta dwe toujou bay remèsiman a Bondye pou nou menm, frè m yo, nan jan sa merite a, paske lafwa nou gen tan grandi anpil, e lanmou a nou chak pou youn lòt ap grandi menm plis toujou.


Men nou ta dwe bay remèsiman pou nou menm, frè m yo, byeneme nan Senyè a, akoz Bondye te chwazi nou depi nan kòmansman an pou sali atravè sanktifikasyon pa Lespri a ak lafwa nan verite a.


Men sèvitè a Akisch yo te di li: “Èske sa se pa David, wa a peyi a? Èske yo pa t konn chante a sila a pandan yo t ap danse, e t ap di: ‘Saül te touye dè milye pa li e David dè di-milye pa li?’”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite