Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Samyèl 16:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Lè Wa David te rive Bachurim, gade byen, te sòti depi la yon mesye ki sòti nan fanmi Saül ki te rele Schimeï, fis a Guéra a. Li te parèt ak pawòl madichon san rete pandan li t ap pwoche.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Lè wa David rive bò lavil Bakourim, yon moun fanmi wa Sayil sòti lavil la vin kontre l. Se te Chimeyi, pitit gason Gera a. Antan l'ap vanse sou David, li t'ap joure l, li t'ap ba li madichon.

Gade chapit la Kopi




2 Samyèl 16:5
22 Referans Kwoze  

Men mari li te ale avèk li. Li t ap kriye pandan li t ap prale e te swiv li jis rive Bachurim. Epi Abner te di li: “Ale, retounen!” Konsa, li te retounen.


Filisten an te di a David: “Èske mwen se yon chen pou ou ta vin kote mwen avèk bout bwa?” Epi Filisten an te anmède David pa dye pa li yo.


Ou pa pou modi Bondye, ni modi yon chèf pèp ou.


Men yon gason te wè yo kanmenm e te di Absalom. Pou sa, yo te pati vit rive lakay a yon mesye Bachurim ki te gen yon pwi nan lakou a, e yo te desann antre ladann.


Yo va pase nan peyi a, plen gwo pwoblèm ak grangou nèt. Li va vin rive ke lè yo grangou, y ap vin anraje e modi wa yo ak Bondye pandan y ap gade anlè.


Anplis, nan chanm a kouche ou, pa bay wa a madichon; e nan chanm a kouche ou, pa bay yon moun rich madichon. Paske yon zwazo syèl la ka pote bri a, e sa ki gen zèl yo ka fè yo konnen bagay la.


Tankou yon ti zwazo k ap sove ale, tankou yon ti iwondèl nan vòl li, se konsa yon madichon san koz p ap poze.


Kite yo menm bay madichon sou mwen, men pou Ou menm, bay benediksyon. Lè yo leve, yo va wont, men sèvitè Ou a va fè kè kontan.


Paske yo te pèsekite sila ke Ou menm te blese a. Yo pale sou doulè a sila ke Ou menm te blese yo.


Wa a avèk tout moun ki te avèk li yo te rive byen fatige, e yo te vin rafrechi la.


Konsa, wa a te di a Tsiba: “Men vwala, tout sa ki apatyen a Méphiboscheth se pou ou.” Epi Tsiba te di: “Mwen vin bese devan ou nèt; kite mwen twouve gras nan zye ou, O mèt mwen, wa a!”


Li te jete wòch sou David, sou tout sèvitè a Wa David yo e tout mesye gran kouraj yo te sou men dwat li ak sou men goch li.


Lènmi m yo repwoche m tout lajounen. Sila ki moke m yo sèvi ak non mwen kon madichon.


paske se sa sèl ki kouvri li. Se manto pou kò li. Kisa ankò li kab sèvi pou l dòmi? Epi li va rive ke lè li kriye fò, Mwen va tande li, paske Mwen ranpli avèk mizerikòd.


Abi-Albon, Abatyen an, Azmaveth, Bakoumit lan,


Te gen nan sitadèl Suse la, yon Jwif ki te rele Mardochée, fis a Jaïr, fis a Schimeï, fis a Kis, yon Benjamit,


Akoz Li te lage fisèl banza a pou te aflije mwen, yo rete retire brid la nèt devan m.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite