Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 145 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Yon chan lwanj pa David

1 Mwen va leve Ou wo, O Bondye mwen, O Wa a. Mwen va beni non Ou pou tout tan e pou tout tan.

2 Chak jou, mwen va beni Ou e mwen va louwe non Ou pou tout tan e pou tout tan.

3 Gran se SENYÈ a, dign de lwanj. Grandè Li pa kab fin sonde menm.

4 Yon jenerasyon va louwe zèv Ou yo jis rive nan yon lòt. Yo va pwoklame zèv pwisan Ou yo.

5 Sou bèlte e glwa a majeste Ou avèk zèv mèvèy Ou yo, mwen va reflechi tout tan.

6 Lezòm va pale sou pouvwa a zèv mèvèy Ou yo e mwen va pale jan Ou gran.

7 Yo va pouse pale ak enpasyans sou memwa a bonte Ou. Yo va rele fò ak lajwa de ladwati Ou.

8 SENYÈ a plen gras avèk mizerikòd, lan nan kòlè e gran nan lanmou dous Li a.

9 SENYÈ a bon pou tout moun e gras Li lonje rive sou tout zèv Li yo.

10 Tout zèv Ou yo va di Ou: “Mèsi O SENYÈ,” e fidèl Ou yo va beni Ou.

11 Yo va pale glwa a wayòm Ou an, e pale sou zafè pouvwa Ou yo;

12 Pou fè rekonèt a fis a lòm yo, zèv pwisan Ou yo avèk glwa ak majeste a wayòm Ou an.

13 Wayòm Ou an se yon wayòm etènèl e règn Ou an dire pou tout jenerasyon yo.

14 SENYÈ a bay soutyen a tout moun ki tonbe. Li leve wo tout sila ki vin pwostène yo.

15 Zye a tout moun genyen espwa sou Ou. Ou bay yo manje yo nan lè yo.

16 Ou ouvri men Ou pou satisfè dezi a tout sila k ap viv yo.

17 Senyè a dwat nan tout chemen Li yo, e ranpli ak bonte nan tout zèv Li yo.

18 SENYÈ a toupre tout sila ki rele Li yo, tout sila ki rele li ak verite yo.

19 Li va ranpli dezi a sila ki gen lakrent Li yo. Anplis Li va tande kri yo e Li va sove yo.

20 SENYÈ a kenbe tout sila ki renmen Li yo, men mechan yo, Li va detwi

21 Bouch mwen va pale lwanj SENYÈ a, e tout chè va beni sen non Li an jis pou tout tan e pou tout tan.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite