Jak 1:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Si yon moun panse nan tèt li ke li swiv Bondye tout tan, e malgre sa, li pa mete yon brid sou lang li, li pase pwòp tèt li nan betiz, e lafwa moun sa a vin san valè. 1998 Haïtienne Si yon moun kwè l'ap sèvi Bondye, pou anmenmtan li pa bride lang li, se tèt li l'ap twonpe. Sèvi Bondye jan sa a pa vo anyen. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Ou kapab santi w ap sèvi Bondye byen. Men si w pa gen kontwòl lang ou, w ap twonpe tèt ou. Adorasyon w lan san valè. |
Akoz Li te lage fisèl banza a pou te aflije mwen, yo rete retire brid la nèt devan m.
Pa fè tankou cheval oswa milèt ki pa gen konprann menm, ki nan tout sikonstans, oblije gen brid ak bosal ki pou ralanti yo. Otreman, yo p ap vin kote ou.
Lang a saj la gen pou mèt, konnesans; men bouch a sila ki manke konprann nan eksprime foli.
Pa vin pote ofrann san valè sa yo ankò; lansan vin abominab devan M. Nouvèl lin ak Saba a, apèl asanble yo— Mwen pa ka sipòte inikite ansanm ak asanble solanèl la.
La p manje sou sann yo. Yon kè ki twonpe te mennen l sou kote. Li p ap kapab delivre nanm li menm. Ni li pa mande: “Èske pa gen manti nan men dwat mwen?”
“Nou te di: ‘Se an ven yo sèvi Bondye’; epi ‘Ki avantaj sa gen pou nou kenbe règleman Li yo, e pou nou mache lamante devan SENYÈ Dèzame yo?
“Pou sa, okipe nou de jan nou tande. Paske nenpòt moun ki genyen, se plis k ap bay a li menm; e a sila ki pa genyen an, menm sa li sipoze li genyen an va rache soti nan men li.”
Anplis ke sa, nou menm vin twouve nou kòm fo temwen a Bondye, paske nou te temwaye kont Bondye, ke Li te leve Kris la, ke Li pa t leve vrèman, si anfèt mò yo pa leve.
Pa li menm osi nou ap sove, si nou kenbe fèm a pawòl ke m te preche a nou an, amwenske nou te kwè anven.
Pa kite pèsòn twonpe tèt li si yon moun pami nou panse ke li saj nan tan sila a, li oblije vin fou pou li kapab vin saj.
Men de sila ki te gen gwo repitasyon yo—sa yo te ye pa gen enpòtans pou mwen; Bondye pa nan patipri—byen, sila ki te gen repitasyon yo pa t ogmante anyen anplis pou mwen.
Konsa, ak rekonesans gras ke m te resevwa, Jacques, Céphas, ak Jean, ki te gen repitasyon kòm pilye lafwa yo, te ban mwen ak Barnabas lamen dwat dasosiyasyon, pou nou te kapab ale kote pèp etranje yo e yo menm kote sikonsi yo.
Paske si yon moun panse ke li menm se yon bagay lè vrèman li pa anyen, li twonpe pwòp tèt li.
Pa kite okenn vye mo sal sòti nan bouch nou, men sèlman kalite mo ki bon pou edifikasyon selon bezwen moman an, pou li kapab bay gras a sila ki tande l yo.
Nou pa dwe gen pawòl malonèt, pawòl san sans, avèk vye blag, ki pa dign, men de preferans, bay remèsiman a Bondye.
“Veye nou pou kè nou pa vin sedwi; pou nou pa vire akote pou sèvi lòt dye yo e adore yo.
Ke pawòl nou yo toujou ranpli ak gras, kòmsi yo te asizonnen avèk sèl, pou nou kapab konnen jan pou nou reponn a chak moun.
Nou konnen sa, frè byeneme m yo. Men tout moun dwe gen vitès nan tande, lan nan pale, e lan nan fè kòlè.
Men, fè prèv tèt nou ke nou aji selon pawòl la, e se pa senpleman tande li. Moun konsa yo twonpe pwòp tèt yo.
Paske: “Sila ki dezire lavi a, pou renmen e wè anpil jou ki bon, dwe gade lang li kont sa ki mal e lèv li kont bay manti.