Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jak 1:26 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

26 Ou kapab santi w ap sèvi Bondye byen. Men si w pa gen kontwòl lang ou, w ap twonpe tèt ou. Adorasyon w lan san valè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

26 Si yon moun kwè l'ap sèvi Bondye, pou anmenmtan li pa bride lang li, se tèt li l'ap twonpe. Sèvi Bondye jan sa a pa vo anyen.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Si yon moun panse nan tèt li ke li swiv Bondye tout tan, e malgre sa, li pa mete yon brid sou lang li, li pase pwòp tèt li nan betiz, e lafwa moun sa a vin san valè.

Gade chapit la Kopi




Jak 1:26
37 Referans Kwoze  

Adorasyon yo ban mwen pa gen okenn valè, paske se kòmandman pa yo y ap anseye.”


Adorasyon yo ban mwen pa gen okenn valè, paske se kòmandman pa yo y ap anseye.


Fè atansyon sou jan n ap tande pawòl la. Paske, moun ki gen bon konprann, y ap ba li plis bon konprann. Men, nenpòt moun ki pa gen bon konprann, menm sa l te sanble genyen an y ap retire l nan men l.”


Nan ka sa a, nou t ap tounen fo temwen paske nou t ap bay manti sou Bondye. Nou di tout moun Bondye resisite Kris la. Men si okenn mò p ap resisite, donk Bondye pa t janm resisite Kris la.


Se ak bòn nouvèl sa a Bondye te sèvi pou sove nou. Se pou nou kontinye kwè nan mesaj sa a. Si se pa sa, lafwa nou pa vo anyen.


Pa bay tèt nou manti. Yon moun ki panse l saj nan je lèzòm dwe tounen moun fou pou l ka vin saj toutbon vre.


Mesye yo te rekonèt kòm gwo lidè yo, yo pa t chanje mesaj mwen an. (Vrèmanvre, kèlkeswa sa yo ye a, sa pa t fè okenn diferans, paske Bondye pa gade sou figi moun). Wi, gwo lidè yo pa t ajoute anyen nan mesaj mwen t ap preche a.


Alò, tout moun rekonèt Jak, Pyè ak Jan kòm gwo lidè nan legliz Jerizalèm nan. Lè mesye sa yo wè favè Bondye te fè m, yo bay Banabas avèk mwen lanmen asosyasyon pou montre se ansanm n ap travay. Yo montre nou yo dakò pou n kontinye travay ak moun ki pa Juif yo, alòske, yo menm, y ap travay ak Juif yo.


Èske nou te fè tout eksperyans sa yo pou granmesi? Mwen panse se pa t pou granmesi.


Paske, si yon moun panse l se yon zafè epi li pa anyen, se twonpe l ap twonpe tèt li.


Lè n ap pale, piga nou janm di anyen pou fè moun mal, okontrè, se pou nou di bon bagay k ap ede moun grandi, pawòl ki vrèman beni nanm moun k ap tande nou yo.


Menm jan an tou, lè n ap pale, piga nou nan repete gwo mo ak vye blag, bagay ki pa gen enpòtans. Bagay sa yo pa pou nou. Okontrè, se pawòl remèsiman anvè Bondye ki pou nan bouch nou pito.


Lè n ap pale avèk yo, se pou pawòl nou yo toujou gen gras pou moun, pou n ka atire yo. Nou konnen kijan li enpòtan pou nou toujou pare pou n bay tout moun yon repons ki apwopriye.


Tande sa, frè ak sè byeneme m yo: Se pou chak moun toujou prèt pou l koute, san l pa kouri pale, san l pa kouri fè kòlè.


Mete pawòl Bondye yo an pratik. Pa sèlman koute yo. Sinon, se twonpe w ap twonpe tèt ou.


Sanble ou pa byen nan tèt! Yon lafwa ki pa fè anyen pa vo anyen. Èske w vle m pwouve sa?


Bib la di: “Si nou vle viv byen, e si nou vle viv lontan sou latè, evite pale moun mal, evite bay manti.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite