Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jak 1:25 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

25 Men, lè w plonje je w nan pawòl Bondye a ki libere moun, lè w fè atansyon ak sa l di, ou fè sa l mande w, se pa sèlman koute epi pou bliye, ou ap jwenn benediksyon Bondye nan tout sa w ap fè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

25 Men, moun ki fikse je l sou lalwa ki bon nèt la, lalwa ki bay libète a, si l sòti pou l fè sa lalwa a mande, si li pa yon moun ki kite pawòl la antre nan yon zòrèy sòti nan yon lòt, men ki fè sa lalwa a mande, moun sa a va jwenn benediksyon nan sa l'ap fè a.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 Men yon moun ki gade avèk atansyon lalwa pafè a, lalwa libète a, e aji selon li, li pa vin yon moun ki tande pou bliye, men yon moun ki fè l tout bon, moun sa a va beni nan sa li fè.

Gade chapit la Kopi




Jak 1:25
41 Referans Kwoze  

Men Jezi reponn ni: “Okontrè, moun ki beni se moun ki tande pawòl Bondye epi ki obeyi li.”


Si nou konnen bagay sa yo, nou se moun ki beni anpil, men se si nou fè sa.


Konsa, si se pitit la ki libere w, ou lib toutbon vre.


Apre reyinyon an nan Sinagòg la, anpil jwif ansanm ak moun lòt nasyon ki te vin konvèti nan relijyon Jwif yo te swiv Pòl ak Banabas. Pòl ak Banabas te sezi okazyon an pou ankouraje yo pou yo kontinye kenbe fèm nan gras Bondye a.


Kwayan yo te pase tout tan yo ap resevwa ansèyman apot yo. Yo te viv ansanm youn ak lòt tankou frè. Yo te reyini epi yo te manje ansanm epi yo te lapriyè ansanm.


Men Bondye te pote m sekou, jouk jodi a li kontinye ap ede m. Bondye soutni m epi li fè m kanpe jodi a pou rakonte tout moun sa m te wè. Mwen sèlman di sa Moyiz ansanm ak pwofèt yo te di ki te genyen pou rive.”


Alò, gade: Bondye bon, men an menm tan li sevè. Li sevè ak moun ki tonbe yo, li bon pou ou menm, si ou kontinye kwè nan bonte li. Sinon, y ap debranche w menm jan ak yon branch bwa.


Tande lekti Lalwa moyiz la pa fè moun jis devan Bondye. Moun ki jis devan Bondye, se moun ki fè sa Lalwa mande.


Alò, Lalwa se yon bagay ki sen. Kòmannman an, li sen epi li bon.


Lespri nou te resevwa a pa fè nou esklav pou n ap viv nan lapèrèz ankò. Lespri nou te resevwa a fè Bondye adopte nou kòm pitit li. Se Lespri sa a ki fè nou rele, “Abba, Papa.”


Paske Sentespri ki bay lavi a delivre w anba lalwa ki pote peche ak lanmò a, pa mwayen Jezikris.


Konsa, frè m ak sè m yo, nou menm mwen renmen anpil, kenbe fèm, pa lage! Angaje nou pi plis chak jou nan travay Senyè a. Jan nou konnen l deja, travay nou fè pou Senyè a p ap janm pèdi.


Egzamine tèt nou, gade pou nou wè si n ap viv nan lafwa. Èske se konnen nou pa konnen Jezikris ap viv nan nou? Si nou pa pase tèt nou egzamen lafwa sa a, Jezikris ta sipoze p ap viv nan nou.


Yo pa t fè sa, malgre gen moun ki te fè tèt yo pase pou frè, ki te glise kò yo nan mitan nou pou espyone libète nou genyen nan Kris la. Yo te vle fè nou tounen esklav lalwa ankò.


Kounye a, poutèt Kris fè nou lib, an n kenbe fèm nan libète sa a. Ann pa tounen anba jouk esklavaj ankò.


Se pou youn ede lòt pote chay li. Se kon sa n ap rive fè sa lalwa Kris la mande a.


Se sa ki gen pou rive, si nou rete nan Levanjil nou te tande a. Nou dwe rete fèm epi byen asire nan lafwa nou. Pa kite anyen vin fè n abandone espwa nou te jwenn nan, lè nou te tande Levanjil la. Se Levanjil sa a ki fin gaye toupatou sou latè epi se travay sa a menm mwen menm Pòl Bondye ban m pou m fè.


Poutan, l ap sove pa mwayen pitit li. Men, fòk medam yo rete byen devwe pou Bondye nan lanmou epi mennen yon lavi senp ki fè Bondye plezi.


Fè atansyon ak jan w ap viv, ak jan w ap anseye. Ou dwe fidèl nan yo. Wi, si w aji konsa, w ap sove tèt ou epi w ap sove moun k ap koute w yo tou.


Fè sèten pou pèsonn nan mitan nou pa vire do bay gras Bondye a. Fè sèten pou pèsonn nan mitan nou pa vin tounen yon plant nwizib k ap pouse epi k ap pwazonnen tout gwoup la.


Konsa, se pou n pale epi viv menm jan ak moun ki konnen yo pral jije l devan lalwa ki ban nou libète.


Viv tankou moun ki lib, men pa kache dèyè libète a pou fè move bagay. Okontrè, viv tankou sèvitè Bondye.


Se pou nou toujou kenbe ansèyman nou te tande depi nan kòmansman an. Si nou fè sa, n ap toujou rete nan Pitit la epi nan Papa a tou.


Apre sa, mwen tande yon vwa ki soti nan syèl la. Li di: “Ekri sa: Depi kounye a, moun ki mouri nan sèvis Senyè a byennere.” Sentespri a di: “Se vre, y ap repoze apre anpil travay yo te fè. Wi, zèv yo ap rann temwanyaj pou yo.”


Benediksyon pou moun ki lave rad yo pou yo k ap gen dwa nan pye bwa lavi a, pou yo antre nan pòtay vil la!


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite