Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 14:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Gen yon chemen ki sanble bon pou lòm; men fen li se chemen lanmò an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Chemen ou kwè ki bon an, se li ki mennen tou dwat nan lanmò.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 14:12
11 Referans Kwoze  

Jéroboam te di nan kè l: “Koulye a, wayòm nan va retounen lakay David.


Pou sa, wa Jéroboam te konsilte, e li te fè de ti bèf an lò. Li te di a pèp la: “Se twòp pou nou ta monte Jérusalem. Men vwala, dye pa nou yo, O Israël, ki te mennen nou monte soti nan peyi Égypte la.”


Chemen a yon moun fou bon nan zye li; men yon nonm saj koute konsèy.


Gen wout ki parèt bon a yon nonm; men fen li se lanmò.


Gen yon kalite ki san tach nan pwòp zye li; sepandan, yo poko lave pou sòti salte a.


“Fè efò pou antre pa pòt etwat la; paske anpil, Mwen di nou, va eseye antre, e yo p ap kapab.


Donk Ki benefis nou te twouve konsa ki soti nan bagay yo ki fè nou wont koulye a? Paske sa ki soti nan bagay sa yo se lanmò.


Paske si yon moun panse ke li menm se yon bagay lè vrèman li pa anyen, li twonpe pwòp tèt li.


Pa kite pèsòn twonpe nou avèk pawòl vid yo, paske akoz de bagay sa yo lakòlè Bondye vini sou fis ki pa obeyisan yo.


Men, fè prèv tèt nou ke nou aji selon pawòl la, e se pa senpleman tande li. Moun konsa yo twonpe pwòp tèt yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite