11 Lakay mechan yo va detwi; men tant a moun dwat la va fleri.
11 Fanmi mechan yo gen pou disparèt. Men, fanmi moun k'ap mache dwat yo gen pou devlope.
Malediksyon SENYÈ a sou kay mechan yo, men Li beni abitasyon a moun dwat yo.
Mechan yo va boulvèse e vin disparèt; men kay a moun dwat yo va kanpe.
Mwen va fè li vin parèt”, deklare SENYÈ dèzame yo: “Epi li va antre lakay a vòlè a ak lakay a sila ki fè fo sèman nan non Mwen an. Konsa, li va rete nèt nan mitan kay li a, e li va detwi l nèt ansanm ak bwa travès ak tout wòch yo.”
Lè sila ki dwat, pran an konsiderasyon kay mechan an, afè mechan an vin detwi nèt.
Paske ou ap di: ‘Kote kay a prens lan e kote tant kote mechan an rete a?’
Gen bèl trezò ak lwil nan abitasyon a moun saj la; men, moun san konprann nan vale tout.
Sila ki mete konfyans nan richès li va vin tonbe; men moun dwat la va grandi tankou fèy vèt sou pyebwa.
Arenye a mete konfyans sou lakay li, men li p ap kanpe. Li kenbe rèd sou li, men li p ap dire.
Madanm ou ap tankou yon chan rezen ki bay anpil rezen lakay ou. Pitit ou yo va tankou plan bwa doliv ki antoure tab ou.
Anverite, se konsa abitasyon a mechan yo ye a. Sa se plas a sila ki pa konnen Bondye a.”
Paske konpanyen a enkwayan yo va byen esteril, epi se dife kap brile tant anba pwès yo.
si ou te san tach e dwat; anverite, koulye a, Li ta leve Li menm pou ou e rekonpanse ou jan ou te ye nan ladwati ou.
SENYÈ a va demoli kay moun ògeye a; men L ap etabli lizyè vèv la.
Sila ki rayi ou yo va vin abiye ak wont e tant a mechan yo p ap la ankò.”
Men yon ti tan ankò, mechan an va disparèt. Ou va chache avèk atansyon plas li, men li p ap egziste.