31 Bouch a moun dwat la koule ak sajès; men lang pèvès la vin koupe.
31 Lè moun k'ap mache dwat ap pale, se bon koze y'ap bay. Men moun move lang yo ap disparèt.
Bouch a moun dwat yo va eksprime sajès, epi lang li va pale jistis.
Sou lèv a moun ki konn disène, nou twouve sajès; men gen baton pou do a sila ki manke konprann nan.
Bouch a moun dwat se yon fontèn dlo lavi, men bouch a mechan an kache vyolans.
Men Wa a va rejwi nan Bondye. Tout moun ki sèmante pa Li menm yo, va twouve glwa. Paske bouch a sila ki bay manti yo, va fèmen.
Kite lèv ki manti yo sispann, sila yo ka p pale ak awogans kont moun dwat yo, k ap fè ògèy pou desann moun.
Sila ki gen panse kwochi a, pa jwenn anyen ki bon, e sila ki pèvès nan pawòl li yo tonbe nan mal.
Li ouvri bouch li avèk sajès e enstriksyon ladousè sou lang li.
ki te di: “Avèk lang nou, nou va reyisi. Lèv nou se pou nou. Se kilès ki kab mèt sou nou?”