Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 7:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Men anven yo adore Mwen lè y ap enstwi kòm doktrin, prensip a lòm.’

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Se tan yo y'ap pèdi lè y'ap fè sèvis pou mwen. Paske nan leson yo, se pawòl lèzòm y'ap moutre moun.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Adorasyon yo ban mwen pa gen okenn valè, paske se kòmandman pa yo y ap anseye.

Gade chapit la Kopi




Mak 7:7
15 Referans Kwoze  

Senyè a te di: “Akoz pèp sa a rapwoche ak pawòl pa yo, e onore Mwen ak lèv yo, men yo retire kè yo byen lwen Mwen, e akoz adorasyon yo pou Mwen fèt pa tradisyon ki aprann pa kè,


An ven yo adore M; lè yo enstwi kòm doktrin, prensip a lòm.


Si yon moun panse nan tèt li ke li swiv Bondye tout tan, e malgre sa, li pa mete yon brid sou lang li, li pase pwòp tèt li nan betiz, e lafwa moun sa a vin san valè.


(Ki tout fè referans a bagay ki fèt pou peri pandan y ap sèvi yo)—an akò avèk kòmandman ak enstriksyon a lòm yo?


“Lè nou ap priye, pa itilize anpil mo vag, e san sans jan payen yo konn fè a; paske yo sipoze ke lapriyè yo ap tande akoz anpil mo.


Men evite konfli ak jeneyaloji ki ranpli ak foli, avèk diskisyon sou Lalwa yo, paske yo san pwofi, e san valè.


Mwen temwaye a tout sila ki tande pawòl a pwofesi liv sila a: si yon moun ajoute nan yo, Bondye va ajoute a li menm tout fleyo ki ekri nan liv sila a.


Fòk nou pa vire akote. Paske konsa, nou ta swiv bagay san valè ki pa kab fè benefis ni delivre, paske yo san valè.


“Nenpòt sa ke m kòmande nou , se sa a pou nou fè. Nou p ap ni mete sou li, ni retire ladan l.


Men èske ou dakò pou rekonèt, o moun ensanse, ke lafwa san zèv vin initil?


“Nou te di: ‘Se an ven yo sèvi Bondye’; epi ‘Ki avantaj sa gen pou nou kenbe règleman Li yo, e pou nou mache lamante devan SENYÈ Dèzame yo?


Epi si Kris la pa t leve, answit nou ap preche anven, e lafwa nou osi anven.


Pou sa, byeneme frè m yo, rete fidèl, san varye, toujou ranpli avèk bon zèv Senyè a, avèk konesans ke travay nou nan Senyè a pa anven.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite