Sòm 4:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen O fis a lòm yo, jiskilè laglwa Mwen va devni yon repwòch? Jiskilè ou va renmen sa ki san valè e tante twonpe moun? Tan 1998 Haïtienne (3) Nou menm menm lèzòm, kilè n'a sispann trennen non m nan labou! Kilè n'a sispann renmen bagay ki pa vo anyen! Kilè n'a sispann kouri dèyè bagay ki pa vre! |
Men Ou menm, O SENYÈ, se yon pwotèj ki antoure mwen, glwa mwen, ak Sila ki fè tèt mwen leve a.
Ou detwi sila ki pale sa ki fo yo. SENYÈ a rayi yon nonm ki vèse san, ki twonpe moun.
Nanm mwen rete pami lyon yo. Mwen oblije kouche pami sila k ap respire dife yo. Fis a lòm yo menm ak dan kon frenn file, epi lang yo kon yon epe file.
Men Wa a va rejwi nan Bondye. Tout moun ki sèmante pa Li menm yo, va twouve glwa. Paske bouch a sila ki bay manti yo, va fèmen.
Moïse avèk Aaron te ale vè Farawon, e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Ebre yo: ‘Jiska konbyen de tan ou va refize imilye ou devan Mwen? Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.
“Jiskilè, O moun san bon konprann yo, nou va renmen rete san konprann anyen? Pou mokè yo rejwi yo nan moke moun e moun san konprann yo rayi konesans?
Akoz jijman kont yon zak mechan pa rive ase vit; akoz sa, kè fis a lòm nan ki rete pami yo vin dedye nèt pou fè mal.
Men yon mal nan tout sa ki konn fèt anba solèy la, ke gen menm desten an pou tout moun. Anplis, kè a fis a lòm yo plen mechanste, e foli rete nan kè yo pandan tout lavi yo. Apre, yo ale kote mò yo.
Epi yo va vin dezole e wont akoz Éthiopie, ki te espwa yo, e anplis ak Égypte, fyète yo a.
Israël va sove pa SENYÈ a, ak yon sali ki pou tout tan. Ou p ap vin wont, ni imilye jiska letènite.
Nanpwen moun ki fè pwosè ak dwati, ni ki fè plent ak entegrite. Yo mete konfyans nan vanite, e yo pale manti. Yo simen mal e yo rekòlte mechanste.
Èske yon nasyon janm te chanje dye pa yo, malgre, se pa dye yo te ye? Men pèp Mwen an te fè echanj glwa pa yo pou sa ki san benefis.
Konsa pale SENYÈ a: “Ki enjistis papa zansèt nou yo te jwenn nan Mwen, pou yo te ale lwen Mwen, pou yo te mache dèyè sa ki vid pou te vin vid yo menm?
“Yo koube lang yo konsi se banza pou tire ak fo prensip. Yo fò nan peyi a, men pa pou verite a. Yo kite yon kalite mal pou antre nan yon lòt, e yo pa rekonèt Mwen”, deklare SENYÈ a.
Plis ke yo te miltipliye, plis ke yo te peche kont mwen. Mwen va fè glwa yo vin chanje an wont.
SENYÈ a te di a Moïse: “Pou konbyen de tan, moun sa yo va desann mwen konsa? Pou konbyen de tan yo va refize kwè nan Mwen, malgre tout sign ke M te fè nan mitan yo?
Jwif yo tou te vin jwenn nan atak la, e yo t ap sètifye ke tout bagay sila yo se te vrè.
Pou sa, mete akote sa ki fo, e “pale verite a, nou chak avèk vwazen nou”, paske nou se manm a youn lòt.
Fòk nou pa vire akote. Paske konsa, nou ta swiv bagay san valè ki pa kab fè benefis ni delivre, paske yo san valè.