Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Jonas 2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Konsa, Jonas te priye a SENYÈ Bondye li a depi nan vant pwason an.

2 Li te di: “Mwen te rele nan detrès mwen bay SENYÈ a, e Li te reponn mwen. Mwen te kriye pou sekou depi nan pwofondè sejou mò yo. Ou te tande vwa mwen.

3 Ou te jete mwen nan gwo pwofondè a, nan kè lanmè yo, e gwo kouran dlo a te vale mwen. Gwo lam lanmè ou yo ak gwo vag lanmè ou yo te pase sou mwen.

4 Konsa, mwen te di: ‘Mwen te vin chase lwen fas ou. Malgre sa, mwen va gade ankò vè tanp sen Ou an.’

5 Dlo te antoure mwen jiskaske m rive nan pwen lanmò. Gwo pwofondè a te vale mwen; zèb lanmè yo te vlope tèt mwen.

6 Mwen te desann jis rive nan baz mòn yo. Latè ak bawo li yo te antoure mwen pou tout tan, men Ou te leve lavi m monte soti nan fòs la, O SENYÈ Bondye mwen an!

7 “Pandan mwen t ap vin endispoze nèt, Mwen te sonje SENYÈ a e lapriyè mwen te rive kote Ou nan tanp sen Ou an.

8 Sila ki konsidere zidòl san valè yo abandone tout sous mizerikòd,

9 Men mwen va fè sakrifis a Ou menm ak vwa aksyon de gras la. Sa ke mwen te sèmante a, se li mwen va akonpli. Sali a sòti nan SENYÈ a.”

10 Epi SENYÈ a te kòmande pwason an e li te vomi Jonas sou tè sèch la.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite