Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Samyèl 12:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Fòk nou pa vire akote. Paske konsa, nou ta swiv bagay san valè ki pa kab fè benefis ni delivre, paske yo san valè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Pa vire do ba li pou n'al sèvi sa ki pa Bondye. Yo pa ka ede nou, yo pa ka sove nou, paske yo menm yo pa anyen.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 12:21
21 Referans Kwoze  

Yo te rejte règleman pa Li yo avèk akò ke Li te fè avèk zansèt pa yo avèk avètisman sa yo, avèk sila li te avèti yo. Epi yo te swiv foli yo, e yo te vin plen ògèy. Yo te kouri apre nasyon ki te antoure yo, selon sila SENYÈ a te kòmande yo pa fè tankou yo.


Gade byen, yo tout fo. Zèv yo san valè. Imaj fonn yo se van ak konfizyon.


“Rasanble nou e vini. Rapwoche nou ansanm, nou menm, refijye a nasyon yo. Lòt yo pa gen konesans; sila ki pote zidòl an bwa yo toupatou, e ki priye a yon dye ki p ap ka sove yo.


Yo fè l monte sou zepòl pou pote l; yo pote l, mete li nan plas li, e li kanpe la. Li p ap ka deplase nan plas li. Malgre yon moun ta kriye anvè li, li p ap ka reponn; li p ap ka delivre l nan gwo pwoblèm li an.


Yo san valè, yon zèv k ap twonpe. Nan lè règleman pa yo, yo va peri.


Men yo tout ansanm se ensanse e plen ak foli; instwi pa zidòl yo——se bwa yo ye!


Èske genyen pami zidòl a nasyon yo ki konn bay lapli? Oswa èske syèl yo ka fè lapli pou kont yo? Èske se pa Ou menm, O SENYÈ, Bondye nou an? Akoz sa, nou mete espwa nan Ou, paske se Ou ki te fè tout bagay sa yo.


O SENYÈ, fòs mwen an, sitadèl mwen an e sekou mwen an nan jou gwo malè a, vè Ou menm, nasyon yo va vini soti nan dènye pwent latè. Yo va di: “Papa zansèt nou yo pa t gen okenn eritaj sof ke manti sa ki pouriyen, san enpòtans e san benefis.”


Paske pèp Mwen an te komèt de kalite mal: Yo te abandone Mwen, fontèn dlo vivan yo, epi yo te fouye pou kont yo lòt sitèn; sitèn yo ki kraze ki pa ka kenbe dlo.


Konsa pale SENYÈ a: “Ki enjistis papa zansèt nou yo te jwenn nan Mwen, pou yo te ale lwen Mwen, pou yo te mache dèyè sa ki vid pou te vin vid yo menm?


Sila ki konsidere zidòl san valè yo abandone tout sous mizerikòd,


Men mwen va fè sakrifis a Ou menm ak vwa aksyon de gras la. Sa ke mwen te sèmante a, se li mwen va akonpli. Sali a sòti nan SENYÈ a.”


“Ki pwofi ki gen nan zidòl la, lè mèt li fin taye l? Swa yon imaj, fome pa yonpwofesè k ap bay manti? Paske sila menm ki te fè l la mete konfyans li nan pwòp zèv li a, lè l fòme zidòl ki bebe.


“Mesye yo, poukisa nou ap fè bagay sa yo? Nou menm tou se lòm, ki fèt menm jan ak nou. Nou pòte bòn nouvèl la a nou menm, pou nou kapab vire kite vye bagay sila yo pou vire vè Bondye vivan an ki te fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladann.


Konsa, konsènan manje bagay ki te ofri kon sakrifis a zidòl yo, nou konnen ke pa gen anyen vrèman kon zidòl nan mond lan, e ke pa gen okenn Dye sof ke yon sèl, Bondye.


“Veye nou pou kè nou pa vin sedwi; pou nou pa vire akote pou sèvi lòt dye yo e adore yo.


Men si kè nou detounen e nou refize obeyi, men nou mennen akote pou adore lòt dye yo e sèvi yo,


‘Yo te fè m jalou avèk sa ki pa Bondye yo. Yo te pwovoke Mwen a lakòlè avèk zidòl yo. Konsa tou, Mwen va fè yo jalou avèk sa ki pa yon pèp yo. Mwen va pwovoke yo a lakòlè avèk yon nasyon ki san konprann.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite