Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Samyèl 12:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Paske SENYÈ a p ap abandone pèp Li a akoz gran non Li, paske sa te fè SENYÈ a plezi pou fè nou yon pèp ki te pou Li menm.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Bondye ap kenbe pawòl li. Li te pwomèt li p'ap voye nou jete, paske li sòti pou l fè nou tounen yon pèp ki rele l pa l.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 12:22
49 Referans Kwoze  

Mwen va vin viv pami fis Israël yo e Mwen p ap janm kite pèp mwen an, Israël.”


Ke SENYÈ a, Bondye nou an, kapab avèk nou, jan Li te ye avèk zansèt nou yo. Ke Li pa janm kite nou ni abandone nou,


SENYÈ a pa t di ke li ta efase non Israël anba syèl la; men Li te delivre yo pa men Jéroboam, fis a Joas la.


Mwen va abandone retay eritaj Mwen an e Mwen va livre yo nan men a lènmi yo. Yo va vin piyaje e depouye pa tout lènmi yo,


“Epi pou ou menm, fis mwen an, Salomon, fè konesans a Bondye papa ou a e sèvi li avèk tout kè ou e avèk bòn volonte; paske SENYÈ a chache nan tout kè yo e byen konprann entansyon a tout panse yo. Si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va rejte ou jis pou tout tan.


Li te sòti deyò pou rankontre Asa e li te di li: “Koute mwen, Asa e tout Juda avèk Benjamin: SENYÈ a avèk nou lè nou avèk Li. Epi si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va abandone ou.


Yo te refize koute e yo pa t sonje mèvèy ke Ou te fè pami yo. Konsa, yo te vin tèt di, e te chwazi yon chèf ki pou mennen yo retounen an esklavaj yo an Egypte. Men Ou se yon Bondye ki padone, plen ak gras avèk mizerikòd, lan nan kòlè e plen avèk lanmou dous. Ou pa t abandone yo.


Sepandan, Li te sove yo pou koz non Li, pou L te kab fè pwisans Li rekonèt.


Paske SENYÈ a p ap abandone pèp Li a, ni Li p ap lage pèp eritaj Li a.


Poukisa Ejipsyen yo ta dwe pale pou di: ‘Avèk mechanste Li te fè yo sòti, pou touye yo nan mòn yo e pou detwi yo sou fas tè a?’” “Vire kite kòlè Ou k ap briye a, e vire kite ide Ou sou entansyon Ou, pou fè pèp Ou mal la.


‘Paske Mwen va defann vil sa a pou sove li pou pwòp koz pa M, e pou koz sèvitè Mwen an, David.’”


Aflije yo ak malere yo ap chache dlo, men nanpwen; lang yo sèch ak swaf la. Mwen menm, SENYÈ a, va reponn yo. Mwen, Bondye Israël la p ap abandone yo.


Mwen va mennen avèg yo pa yon chemen yo pa konnen, nan wout yo pa konnen, Mwen va gide yo. Mwen va fè tenèb la vin limyè devan yo e move kote yo va vin plat. Se bagay sa yo Mwen va fè e Mwen p ap kite yo pa fèt.


Mwen menm, Mwen se Sila ki efase transgresyon ou yo, pou koz Mwen; e Mwen p ap sonje peche ou yo.


tout moun ki rele pa non Mwen e ke Mwen te kreye pou glwa Mwen, ke M te fòme, menm sa ke m te fè.”


Pou koz pa M, pou pwòp koz pa Mwen, Mwen va aji; paske kòman non Mwen ka vin pwofane konsa? Glwa Mwen, Mwen p ap ka sede l bay yon lòt.


Èske yon fanm ka bliye pitit k ap souse li a, pou l pa gen konpasyon sou fis ki sòti nan vant li an? Menm sila yo ka bliye, men Mwen p ap bliye ou.


Paske Li te di: “Anverite, yo se pèp Mwen, fis ki p ap aji nan manti.” Pou sa, Li te devni Sovè yo.


Pa meprize nou, pou koz a pwòp non Ou: pa kite twòn a glwa ou a dezonore. Sonje e pa kase akò Ou avèk nou.


Malgre inikite nou yo temwaye kont nou, O SENYÈ, aji pou koz a non Ou! Rebelyon nou anpil. Nou te peche kontre Ou.


Poukisa Ou tankou yon nonm twouble, tankou yon nonm pwisan ki pa kapab bay sekou? Malgre sa, Ou nan mitan nou, O SENYÈ e nou vin rele pa non Ou; pa abandone nou!


Poukisa Ou bliye nou jis pou tout tan? Poukisa Ou abandone nou jis rive tout tan sa a?


Men Mwen te aji pou koz non Mwen, pou li pa ta degrade nan zye a nasyon yo, devan zye a sila Mwen te fè yo sòti yo.


Men Mwen te aji pou koz non Mwen, pou li pa ta vin degrade nan zye a nasyon pami sila yo te rete yo, nan zye a sila Mwen te fè Mwen menm rekonèt a yo, lè M te fè yo sòti nan peyi Égypte la.


“Mwen te renmen nou,” pale SENYÈ a. Men ou di: “Nan kisa ou te renmen nou an?” “Se pa Ésaü ki te frè Jacob?” deklare SENYÈ a. “Men se Jacob Mwen te renmen;


Wi Papa, konsa sa te fè plezi nan zye Ou.


“Nou pa t chwazi Mwen, men Mwen te chwazi nou, e te etabli nou pou nou ta kapab pote fwi, e ke fwi sa a ta kapab dire, pou nenpòt sa ke nou mande Papa a, nan non pa M, Li kapab bay nou li.


Konsa, mwen mande: Èske Bondye rejte pèp Li a? Pa janm panse sa! Paske mwen se yon Izrayelit tou, yon desandan Abraham, ki sòti nan tribi Benjamin an.


Paske kado ak apèl Bondye pa revokab.


Paske kilès ki kwè ke ou pi bon? Kisa nou genyen ke nou pa t resevwa? E si Nou te resevwa li, poukisa nou vante tèt nou kòmsi nou pa t resevwa l.


afenke nou menm ki te premye espere nan Kris la, ta kapab sèvi kòm lwanj a glwa Li.


Pou lwanj a glwa a gras Li a, ke Li te bannou ak liberalite nan Li menm Ki Byeneme a.


Paske nou se yon pèp ki sen a SENYÈ a, Bondye nou an. SENYÈ a te chwazi ou kòm yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, sòti nan tout pèp ki sou sifas tè a.


Alò, kòlè Mwen va vin limen kont yo nan jou sa a, Mwen va abandone yo e kache figi Mwen a yo menm. Yo va detwi e anpil malè va rive sou yo, jiskaske yo va di nan jou sa a: ‘Èske se pa paske Bondye nou an pa pami nou ke malè sa yo vin rive sou nou?’


Rete fò e pran kouraj. Pa pè yo ni tranble devan yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, se sila k ap ale avèk nou an. Li p ap fè nou desi, ni li p ap abandone nou.


Se SENYÈ a k ap prale devan ou. Li va avèk ou. Li p ap fè ou desi, ni abandone ou. Pa pè, ni pèdi kouraj.”


Paske nou se yon pèp ki sen a SENYÈ a, Bondye nou an. SENYÈ a, Bondye nou an, te chwazi nou kòm yon pèp ki pou pwòp posesyon pa li pami tout pèp ki sou fas latè yo.


Se pa akoz ladwati nou, ni kè dwat nou, ki fè nou ap vin posede peyi a, men akoz mechanste a nasyon sila yo ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap chase yo devan nou, e pou konfime pawòl la ke SENYÈ a te fè avèk zansèt nou yo, Abraham, Isaac, ak Jacob.


Paske mwen gen konfyans menm nan bagay sa a; ke Sila ki te kòmanse fè yon bon zèv nan nou an, va byen konplete li jiska jou a Kris Jésus a.


Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: “Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,”


Paske Canaran avèk tout abitan peyi a va tande sa. Yo va antoure nou e efase non nou sou tè a. Epi kisa Ou va fè pou lonè gran non Ou?”


Men, nou se yon ras chwazi, yon lòd prèt wayal, yon nasyon sen, yon pèp pou pwòp posesyon Bondye, pou nou kapab pwoklame ekselans a Li menm ki te rele nou sòti nan tenèb la pou vini nan limyè glwa Li a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite